BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/02 p. 4
  • Se pou nou byen makònen youn ak lòt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou byen makònen youn ak lòt
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Inite kretyen yo genyen an bay Bondye glwa
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Ki sa k fè kretyen yo gen bonjan inite nan mitan yo ?
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Jewova ap rasanble fanmi l
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Ann fè fas ak fen vye monn sa a ansanm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 7/02 p. 4

Se pou nou byen makònen youn ak lòt

1 Èske sa rive ou souvan pou w tonbe ann admirasyon devan mèvèy kò lòm reprezante (Sòm 139:14) ? Chak manm nan kò a byen jwente pou youn kolabore ak lòt. Pawòl Bondye a konpare kongregasyon an ak yon kò ki gen bèl amoni. Avèk Kris kòm Tèt kongregasyon an, tout manm yo ‘ byen makònen youn ak lòt e yo fèt pou yo kowopere grasa chak jwenti ki bay sa ki nesesè ’. (Efe. 4:16a.) Konsa, Jewova anmezi pou li sèvi ak pèp li a, yon pèp ki gen tèt ansanm, pou li reyalize bèl bagay.

2 Nan kongregasyon premye syèk la, tout manm yo te aji “ nan tèt ansanm ” pou konble bezwen espirityèl kretyen parèy yo. Epitou, yo te dispoze ba yo sa yo te bezwen pou yo viv (Tra. 2:44-47). Jewova te kore yo, e sa te pèmèt yo kole zepòl pou yo venk opozisyon makawon yo te rankontre (Tra. 4:24-31). Yo te pwoklame mesaj Wayòm nan tout kote yo te pase. Kòm rezilta, bon nouvèl la te simaye tout kote moun te konnen gen moun (Kol. 1:23). Nan epòk pa nou an, kretyen yo rive fè menm bagay sa yo, nan tèt ansanm e nan yon nivo ki pi wo toujou. Ki sa ki pèmèt yo gen inite sa a ?

3 Ansèyman Bondye bay la fè nou gen tèt ansanm : Adorasyon n ap bay Jewova a fè nou viv nan inite, kèlkeswa kote nou ye sou tè a. Ki jan sa fè posib ? Nou dakò avèk filyè Jewova sèvi pou ban nou ‘ nouriti nan tan apwopriye ’. (Mat. 24:45.) Epitou, nou gen anpil konsiderasyon pou “ òm an kado ” li ban nou nan kongregasyon an pou anseye nou. Nou asepte tout dispozisyon Jewova pran pou nouri nou espirityèlman, san nou pa fè wondonmon. Kòm rezilta, konpreyansyon nou genyen sou Pawòl Bondye a vin pi plis e sa fè nou tout nou vin anvi imite Jezi antanke disip li. Fòk nou kontinye etidye Pawòl Bondye a, tout pandan n ap fè efò seryezman pou nou “ atenn inite nan lafwa a ”. (Efe. 4:8, 11-13.) Èske ou li Labib chak jou ? Si ou fè sa, w ap travay pou w favorize inite ki egziste nan mitan pèp Bondye a.

4 Rasanble ak lòt kretyen fè nou viv nan inite : Lè nou nan reyinyon, lanmou fè nou vin pi pwòch youn ak lòt. Nan reyinyon sa yo, nou “ voye je youn sou lòt ”. (Ebre 10:24, 25.) Sa vle di nou pa dwe rete sèlman sou sa je nou ban nou, men nou dwe chèche konnen frè nou yo toutbonvre. Konsa, n ap rive wè yo menm jan Jewova li menm li wè yo : kòm moun ki gen anpil valè (Aga. 2:7, nòt anba paj). Lè nou tande yo k ap pale de lafwa yo, sa ogmante lanmou nou gen pou yo e sa ranfòse inite ki gen pami nou. Èske lòt moun konnen w kòm yon moun ki asiste reyinyon regilyèman ?

5 Lè n ap preche ak lòt kretyen : Patisipe nan predikasyon bon nouvèl la ak lòt kretyen parèy nou fè nou vin pi pwòch youn ak lòt pandan n ap fè volonte Bondye. Lapot Pòl te gen anpil afeksyon pou ‘ konpayon li yo ki t ap travay bò kote l pou wayòm Bondye a ’. (Kol. 4:11.) Lè nou nan predikasyon, li bon pou youn rakonte lòt eksperyans li te fè e li bon pou youn soutni lòt. Sa ap ede nou pou nou akonpli misyon nou genyen an antanke kretyen e sa ap fè may chenn ki ini nou an vin pi solid. — Kol. 3:14.

6 Enfliyans lespri sen fè nou viv nan inite : Tout pandan n ap fè efò pou nou sèvi Jewova avèk zèl, li ban nou lespri sen li kòm benediksyon. Sa ede nou, lè nou gen pwoblèm avèk frè nou, pou nou pa bay sa twòp enpòtans. Epitou, sa ede nou viv nan tèt ansanm youn ak lòt (Sòm 133:1). Sa pouse nou pou nou “ obsève inite lespri a, nan may chenn lapè a ”. (Efe. 4:3.) Nou chak nou kapab travay pou ka toujou gen amoni nan mitan pèp Bondye a. Nou kapab fè sa si nou pwodui fwi lespri Bondye a nan fason n ap boule youn ak lòt. — Gal. 5:22, 23.

7 Sèvi nan tèt ansanm avèk Kris alatèt nou, pèmèt nou “ patisipe nan kwasans kò a, pou li ka bati tèt li nan lanmou ”. (Efe. 4:16b.) Mete sou sa, sa glorifye Jewova, “ Bondye ki bay lapè a ”. — Wom. 16:20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje