Evite kouri dèyè “ bagay ki san valè ”
1 Youn nan mwayen kominikasyon moun sèvi anpil avèk li jounen jodi a se e-mail. Pa gen mal pou nou ekri fanmi nou ak zanmi nou pou nou di yo esperyans nou fè ak lide nou genyen. Men, kòm pa gen limit nan fason moun ekri moun sou Entènèt, gen “ bagay san valè ” ki mache avèk li. Ki bagay sa yo ? — Pwo. 12:11.
2 E-mail : prekosyon pou nou pran : Gen moun ki pretann yo santi yo plis an kontak ak òganizasyon Jewova a lè yo resevwa nouvèl ki fèk tonbe pa mwayen e-mail. Sa kapab gen ladan l esperyans moun fè, remak sou sa k ap pase nan Betèl, rapò sou dezas oswa sou pèsekisyon, e menm enfòmasyon konfidansyèl yo bay nan Lekòl ministè Wayòm. Gen lòt moun ki cho pou yo gaye nouvèl sa yo. Lè konsa, yo espere se yo menm an premye k ap fè zanmi yo konn sa.
3 Pafwa, gen moun ki konn tòde nouvèl yo oswa yo mete pase genyen. Oubyen petèt nan fè efò pou yo fè gwo enpresyon, genyen ki konn bay nouvèl ki fè move efè. Souvan, lè yon moun prese pou l mete pawòl konsa deyò, li konn pa gen tout done yo (Pwo. 29:20). Nan kèk ka, menm lè se yon koze moun mal pou kwè, yo bay li kanmenm kòm yon zen. Fè moun kwè nan bagay ki pa sa, se rakonte “ istwa ki pa vre ”, e se pa sa k ap ede moun vin gen plis atachman pou Bondye vre. — 1 Tim. 4:6, 7.
4 Si w resevwa yon nouvèl ki pa egzak sou Entènèt epi ou tou voye l bay lòt moun, ou responsab tou piske ou patisipe nan lapenn oswa nan konfizyon nouvèl sa a kapab kreye. Lè David te resevwa yon rapò egzajere ki di yo touye tout pitit gason l yo, sa te fè l mal anpil, e “ li chire rad sou li ”. Alaverite sepandan, se te youn nan pitit gason l yo sèlman ki te mouri. Sa te lage David nan kont detrès li deja, men, pase genyen yo te mete a vin ogmante detrès sa a (2 Sam. 13:30-33). Sètènman, nou pa ta renmen fè anyen ki pou fè frè yo kwè ni bagay ki pa sa, ni bagay k ap dekouraje yo.
5 Filyè Bondye mete an plas la : Pa bliye : Papa nou ki nan syèl la mete yon filyè an plas. Filyè sa a se “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. “ Esklav ” sa a gen responsablite pou l jije ki enfòmasyon ki fèt pou disponib pou moun ki nan mezon lafwa a, e se li k ap jije ki ‘ moman ki apwopriye ’ pou yo bay li. Nouriti espirityèl sa a, se sèl nan òganizasyon teyokratik la li disponib. Se sou filyè Bondye mete an plas la pou je nou toujou fikse si nou bezwen jwenn enfòmasyon ki kredib, se pa sou Entènèt. — Mat. 24:45.
6 Sit Wèb sou Entènèt : Nou gen yon sit wèb ofisyèl sou Entènèt se :www.watchtower.org. Sit sa a sifi pou fè piblik la jwenn enfòmasyon ki disponib yo. Pa gen okenn nesesite pou okenn moun, ni komite, ni kongregasyon prepare paj Wèb sou Temwen Jewova. Gen moun ki amize yo ap mete tout sa ki nan piblikasyon nou yo sou Entènèt e yo menm ekri tout sa ki gen nan vèsè yo ak tout referans yo bay yo. Genyen ki menm voye dokiman sou sa ki te di nan kongrè. Gen moun ki konn mande ofrann pou sa. Kit gen pwofi kit pa genyen, si yon moun amize l ap repwodui piblikasyon Temwen Jewova yo, l ap distribye yo nan yon dokiman elektwonik, se vyole lalwa sou dwa ki rezève pou pwodiktè a. Kèk moun kapab wè se sèvis y ap rann frè yo, men, nou pa dakò avèk yo e yo ta fèt pou yo sispann aji konsa.
7 Montre nou gen bon jijman ak tèt an plas lè n ap sèvi ak kominikasyon elektwonik. Sa bay asirans lespri nou “ plen ak bon bagay ki koute chè ”. — Pwo. 24:4 (Bib la).