Preche mesaj Wayòm nan
1 “ Fòk m al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a, paske se pou sa yo te voye m. ” (Lik 4:43). Se avèk pawòl sa yo Jezi te presize tèm predikasyon l lan, li te di se Wayòm Bondye a. Jodi a tou, Wayòm nan se pwen santral mesaj n ap preche a, tankou sa te anonse nan Matye 24:14 : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apresa lafen an ap vini. ” Men, ki verite konsènan Wayòm nan moun yo bezwen tande ?
2 Kounye a Wayòm Bondye a ap gouvène nan syèl la, talè konsa li pral pran plas tout gouvènman ki sou tè a. Yo deja mete Dyab la deyò nan syèl la, e sistèm mechan ki la kounye a rive nan dènye jou l (Rev. 12:10, 12). Sistèm mechan Satan an, sistèm ki la depi lontan an, pral detwi nèt, men Wayòm Bondye a pap brannen, l ap la pou toutan. — Dan. 2:44 ; Ebre 12:28.
3 Wayòm nan pral satisfè tout dezi natirèl moun ki obeyisan yo. Li pral mete yon pwen final nan tout soufrans moun ap andire akoz lagè, krim, zak maspinay oswa akoz lamizè (Sòm 46: 8, 9 ; 72:12-14). Pral gen manje agogo pou tout moun (Sòm 72:16 ; Iza. 25:6). Se apèn si n ap sonje maladi ak enfimite (Iza. 33:24 ; 35: 5, 6). Ofiramezi lèzòm ap vin pafè, tè a ap transfòme, l ap tounen yon paradi epi moun pral viv ann amoni youn ak lòt. — Iza. 11:6-9.
4 N ap montre nou vle viv anba dominasyon Wayòm Bondye a nan fason n ap viv depi kounye a. Nou ta dwe kite mesaj Wayòm nan aji sou tout aspè nan lavi nou, menm sou objektif nou ak priyorite nou. Pa egzanp, menmsi nou gen obligasyon pou nou bay moun lakay nou sa yo bezwen pou yo viv, nou pa dwe kite sousi lavi a toufe aktivite ki gen rapò ak Wayòm nan (Mat. 13:22 ; 1 Tim. 5:8). Okontrè, nou ta dwe suiv egzòtasyon sa a Jezi te bay la : “ Kidonk, kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo [bagay materyèl nou bezwen pou nou viv yo] pou nou. ” — Mat. 6:33.
5 Li ijan, pandan gen tan toujou, pou moun yo tande mesaj Wayòm nan e pou yo aji selon sa yo tande a. Nou swete pou nou ede yo fè sa lè “ nou pale de wayòm Bondye a avèk konviksyon ”. — Tra. 19:8.