Ann montre nou sonje moun aje ki fidèl yo
1 Aktout Àn te vèv e malgre li te gen gwo 84 an sou tèt li, li “ pa t janm pa nan tanp lan ”. Poutèt li te fidèl, sa te pouse Jewova ba l yon rekonpans espesyal (Lik 2:36-38). Jodi a, gen anpil frè ak sè ki gen menm etadespri ak Àn, malgre y ap viv nan yon sitiyasyon difisil. Lè moun fidèl sa yo rankontre pwoblèm sante oswa lè yo wè laj pa pèmèt yo fè sa yo te konn abitye fè, sa ka fè, pafwa, yo santi yo dekouraje. Annou egzamine kèk fason pratik nou ka ankouraje yo. Nou pral wè tou ki jan nou ka ede yo kenbe yon bon pwogram espirityèl.
2 Reyinyon ak predikasyon : Lanmou konn pouse kèk frè ak sè pou yo ofri moun aje sa yo pou yo mennen yo nan reyinyon. Lè sa rive, sa fè li pi fasil pou yo la regilyèman nan reyinyon yo. Non sèlman nan domèn espirityèl sa fòtifye kretyen fidèl sa yo k ap sèvi Jewova depi yon bon bout tan, men tou sa pwofitab pou tout kongregasyon an. Èske w te deja gen posiblite bay yon koutmen nan sans sa a ? — Ebre 13:16.
3 Lè yon kretyen patisipe nan predikasyon regilyèman, sa ba l kè kontan e sa ba l satisfaksyon. Men, sa pa fasil ditou pou yon moun ki gen anpil laj oswa ki malad tout tan. Èske w pa ta ka fè aranjman pou youn nan byenneme sa yo akonpaye w, antanke “ konpayon travay ”, nan youn nan aspè ki genyen nan travay predikasyon an (Wom. 16:3, 9, 21) ? Pa egzanp, ou ta kapab envite l asiste yon konvèsasyon ou genyen nan telefòn, oubyen ou ta kapab mande l si li ka akonpaye w nan yon vizit oswa yon etid. Si se yon granmoun ki pa ka soti, èske w pa ta ka aranje w pou etidyan an ale lakay li pou etid la ?
4 Envite yo, vizite yo : Gen moun, detanzantan, ki konn envite yon moun ki granmoun oswa ki malad, asiste etid familyal yo. Yo konn menm al fè etid la lakay li. Gen yon manman ki te pran de pitit li, li mennen yo lakay yon sè aje pou l al fè etid timoun yo nan liv Recueil d’histoires bibliques. Yo tout te santi yo ankouraje pou moman sa a yo te pase ansanm nan. Gen kèk granmoun ki konn vrèman kontan lè yo jwenn envitasyon pou y al manje ak lòt manm kongregasyon an, oswa pou y al nan lòt pwogram ansanm avèk yo. Si yo ta malad anpil, opwen pou yo pa ka resevwa yon vizit ki long, petèt ou ta ka telefone yo oswa ou ta ka pase wè yo, menm si w pa rete anpil. Lè w rive, ou ka fè lekti pou yo, ou ka priye ak yo, oswa ou ka pataje yon eksperyans avèk yo k ap fòtifye yo. — Wom. 1:11, 12.
5 Yon moun aje ki fidèl, se yon moun ki gen yon pakèt valè nan je Jewova (Ebre 6:10, 11). Nou ka imite Jewova nan sans sa a lè nou montre yo nou apresye yo, e lè nou ede yo pou yo toujou gen yon bon pwogram espirityèl.