Dispozisyon yo fèk pran pou bibliyotèk Sal Wayòm yo
Sa fè plizyè ane depi kongregasyon toupatou sou tè a gen yon bibliyotèk nan Sal Wayòm yo. Yo te konn rele l bibliyotèk pou Lekòl ministè teyokratik. Lontan, yo te konsidere li nesesè pou chak kongregasyon gen pwòp bibliyotèk pa l. Men kounye a, avèk anpil Sal Wayòm ki gen plis pase yon kongregasyon k ap itilize yo, e yon seri ladan yo pa nan lang peyi a, sanble li vin pi bon pou gen yon bon bibliyotèk nan chak Sal Wayòm, yon bibliyotèk ki ajou pou chak lang kongregasyon yo fè reyinyon. Nan lokal kote gen plis pase yon Sal Wayòm, chak Sal ta dwe gen yon bibliyotèk pou chak lang.
Nou espere dispozisyon sa a ap fè nou fè ekonomi, e l ap pèmèt nou jwenn plis espas. Mete sou sa, lè nou fè bibliyotèk plizyè kongregasyon fè yon sèl, sa ka pèmèt Sal la gen bibliyotèk ki pi anfòm. Pandan y ap fè travay sa a, yo ka sere liv ki anplis yo pou lè yo bati lòt Sal Wayòm. Si gen yon òdinatè nan Sal la ki gen Bibliothèque de la Société Watchtower sou CD-ROM, l ap byen itil.
Ap gen yon frè k ap responsab bibliyotèk chak Sal Wayòm. Li ta pi bon pou se youn nan siveyan Lekòl ministè teyokratik yo. Chak tan gen piblikasyon ki fèk parèt, si li apwopriye, l ap ajoute l nan bibliyotèk la. Pa anndan po liv la, l ap endike se pou bibliyotèk Sal Wayòm nan piblikasyon an ye. L ap fè sa byen bèl. L ap verifye bibliyotèk la omwen yon fwa pa ane, pou l wè si pa gen liv ki manke e si liv yo nan bon kondisyon. Yon moun pa ta dwe sot nan Sal la ak liv ki nan bibliyotèk la.
Bibliyotèk yon Sal Wayòm se yon bagay tout moun ki nan kongregasyon an toujou bay anpil enpòtans. Nou swete pou chak moun montre dispozisyon sa a gen valè nan je l nan fason l ap byen kenbe bibliyotèk la, ak nan fason l ap sèvi avè l pou l chèche “ konesans Bondye bay la ”. — Pwo. 2:5.