Se pou nou bay egzanp nan fè bèl zèv
1. Poukisa nou bezwen veye sou konduit nou yon fason espesyal nan kongrè distri a ?
1 Lè yon bon kantite Temwen rasanble ansanm nan kongrè distri, fason yo aji ak fason yo trete lòt moun konn kapte atansyon moun k ap obsève. Donk, li ta bon pou nou chak nou suiv konsèy sa a nou jwenn nan Bib la : ‘ Se pou nou gen tèt nou anplas, etan n ap montre nou se yon egzanp bèl zèv nan tout bagay. ’ (Tit 2:6, 7). Li ka nesesè pou nou fè yon efò espesyal pou ‘ nou pa montre nou enterese sèlman nan zafè pa nou, men pou nou montre nou enterese tou nan sa ki konsène lòt moun ’. (Fil. 2:4.) Annou konsidere kèk domèn kote nou ka mete ankourajman sa a an pratik nan kongrè distri “ Bay Bondye glwa ” k ap vini an.
2. Ki aranjman nou ka fè anrapò ak lojman ?
2 Lojman : Ane sa a ankò, nou ta renmen ankouraje tout moun k ap bezwen lojman pou yo wè si yo pa ta ka aranje yo avèk manm fanmi yo oswa zanmi yo ki abite nan vil kote kongrè a ap fèt la, pou yo ta loje lakay yo. Konsa, l ap pi fasil pou sèvis lojman an ede lòt kongresis ki pa ka jwenn lojman pou kont yo.
3. Ki jan tout moun ka kowopere nan kesyon lojman an ?
3 Nou voye fòmilè Mande lojman pou ka patikilye bay tout sekretè kongregasyon yo. Sekretè a ap ranpli fòmilè a sèlman pou kongresis ki gen bon repitasyon nan kongregasyon an e ki ta renmen sèvis lojman an ede yo. Li pa bon pou se lè nou fin rive nan vil kote asanble a ap fèt la pou n ap mande lojman. Sekretè a dwe voye demann yo omwen de mwa alavans bay siveyan sèvis lojman an. Sèvis la pral fè tout sa l kapab pou l satisfè kongresis yo. Men, fòk kongresis yo bò kote pa yo montre rekonesans yo ak kolaborasyon yo lè yo aksepte lojman yo prevwa pou yo a. Epitou, yo ka montre konsiderasyon pou fanmi ki loje yo a lè yo veye sou konduit yo, lè yo pa depase kantite moun mèt kay la te prevwa loje a, e lè yo montre yo gen bèl kalite. — Gal. 5:22, 23.
4, 5. Ki jan timoun yo ka onore Jewova, e ki responsablite paran yo genyen ?
4 Paran ak timoun : Nan yon monn kote gen anpil jèn ki malelve, pitit nou yo montre yo vrèman diferan, e sa onore Jewova ak òganizasyon l lan. Sepandan, konn gen kèk pwoblèm ki rive pafwa lè yo pa siveye timoun yo kòrèkteman (Pwo. 29:15). Paran yo pa ta dwe kite pitit yo san siveyans nan lojman kote yo ye a oswa nan zòn kote kongrè a ap fèt la.
5 Gen paran ki konn twouve sa itil, anvan kongrè a rive, pou yo egzamine avèk pitit yo ki konpòtman yo sipoze genyen (Efe. 6:4). Yo ede timoun yo pou yo konprann pwen sa a : bonjan lanmou kretyen an “ pa aji yon fason ki endesan ”, ni tou “ li pa chèche pwòp enterè pa li ”. (1 Kor. 13:5.) Kongrè distri a se yon moman nou mete apa pou nou jwenn ansèyman nan men Jewova, e kit se timoun, kit se granmoun, nou tout nou ka demontre nou respekte dispozisyon sa a nan fason nou kondui nou ni nan zòn kote kongrè a ap fèt la, ni lòt kote. — Iza. 54:13.
6. Ki efè bon konduit nou ka genyen sou lòt moun ?
6 Bon konduit nou itil anpil pou nou konbat move opinyon moun yo konn genyen sou nou e pou nou atire yo nan vrè adorasyon an (Mat. 5:16 ; 1 Pyè 2:12). Nou swete pou fason nou aji ak fason nou trete moun nou rankontre nan okazyon kongrè distri a fè yo jwenn yon bèl temwayaj. Si nou fè sa, n ap ‘ montre nou se yon egzanp nan bèl zèv n ap fè ’ e n ap glorifye Jewova. — Tit 2:7.
[Kare nan paj 4]
Pa bliye :
▪ Chèche jwenn lojman kay fanmi nou oswa kay zanmi nou.
▪ Si nou vle sèvis lojman an ede nou, bay sekretè a non nou alavans.
▪ Aksepte lojman yo prevwa pou nou an epi veye sou konduit nou.
▪ Pa depase kantite moun mèt kay la te prevwa loje a.
▪ Pa kite pitit nou san siveyans.