BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/04 p. 5
  • Se pou nou sen nan tout sa n ap fè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou sen nan tout sa n ap fè
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • “Se pou nou toujou gen bon konduit pami nasyon yo”
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Twa jou kote nou pral jwenn rekonfò nan domèn espirityèl
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kontinye tann Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Se pou nou bay egzanp nan fè bèl zèv
    Ministè Wayòm nan — 2003
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 4/04 p. 5

Se pou nou sen nan tout sa n ap fè

1. Poukisa li enpòtan pou nou sen nan tout sa n ap fè ?

1 Antanke sèvitè Jewova, yon Dye ki sen, nou dwe fè efò pou nou sen nan tout sa n ap fè (1 Pyè 1:15, 16). Sa vle di se pou nou bat pou nou respekte prensip Jewova yo nan tout aspè nan lavi nou. Kongrè distri ane sa a pral ban nou yon okazyon espesyal pou nou montre nou sen nan konduit nou.

2. Ki aranjman nou ka fè anrapò ak lojman ?

2 Lojman : Ane sa a ankò, nou ta renmen ankouraje tout moun k ap bezwen lojman pou yo wè si yo pa ta ka aranje yo avèk manm fanmi yo oswa zanmi yo ki abite nan vil kote kongrè a ap fèt la, pou yo ta loje lakay yo. Konsa, l ap pi fasil pou sèvis lojman an ede lòt kongresis ki pa ka jwenn lojman pou kont yo.

3. Ki jan tout moun ka kowopere nan kesyon lojman an ?

3 Nou voye fòmilè Mande lojman pou ka patikilye bay tout sekretè kongregasyon yo. Sekretè a ap ranpli fòmilè a sèlman pou kongresis ki gen bon repitasyon nan kongregasyon an e ki ta renmen sèvis lojman an ede yo. Li pa bon pou se lè nou fin rive nan vil kote kongrè a ap fèt la pou n ap mande lojman. Sekretè a dwe voye demann yo omwen de mwa alavans bay siveyan sèvis lojman an. Sèvis la pral fè tout sa l kapab pou l satisfè kongresis yo. Men, fòk kongresis yo bò kote pa yo montre rekonesans yo e yo bezwen bay kolaborasyon yo lè yo aksepte lojman yo prevwa pou yo a. Epitou, yo ka montre konsiderasyon pou fanmi ki loje yo a lè yo veye sou konduit yo, lè yo pa depase kantite moun mèt kay la te prevwa loje a e lè yo montre yo gen bèl kalite. — Gal. 5:22, 23.

4. Nan ki lòt domèn nou pral montre nou gen yon konduit ki sen ?

4 Repa : Se premye kongrè distri nou pral asiste nan peyi a kote pap gen sèvis rafrechisman. Se vre nou pral bezwen degaje nou pou nou restore nou nan poz midi a, men nou pa dwe fè sa nan nenpòt ki kondisyon. Nan domèn sa a tou, nou pral bezwen veye sou konduit nou paske nou vle glorifye Jewova nan tout sa n ap fè. — 1 Kor. 10:31.

5. Ki sitiyasyon nou konn remake devan baryè kote nou fè kongrè yo ki pa fè Jewova onè ?

5 Nan yon lèt yo te voye bay tout kongregasyon yo ki gen dat 1ye novanm 2003, men ki sa nou li : “ Nan premye syèk la, te gen yon sitiyasyon deplorab ki te devlope nan tanp lan : yon bann machann afre te antre nan tanp lan e yo t ap fè komès anndan l. Jezi te kanpe kont aktivite sa a, li te kondane l aklè avèk fèmte (Jan 2:14-17). Objektif prensipal kongrè nou yo se pou nou adore Jewova, e nou vle pou nou toujou onore non Jewova pandan kongrè sa yo. Malerezman, sèjousi, nou remake gen plis machann k ap gwoupe devan antre prensipal lokal la, e yo menm konn antre anndan an vin vann. Lè konsa, yo fè devan kote y ap fè kongrè a tounen yon mache, atè a sal, li plen fatra. Sa k pi grav la, Temwen Jewova ladan l tou. Menm jan ak Jezi, nou pa ka tolere sitiyasyon sa a, paske se yon sitiyasyon ki depaman ak prensip espirityèl nou yo. Franchman, bagay sa yo pa fè Jewova onè ditou. ”

6. Ki konsèy yo ankouraje nou chak pou nou suiv pou nou ka restore nou ?

6 Men sa lèt la di apre sa : “ Se nou chak ki pou kontribye pou leve defi sa a, pou chanje sitiyasyon sa a ki pa ka kontinye ankò, yon sitiyasyon ki sanble ak menm anbyans ki konn genyen kèk kote nan okazyon fèt nan monn nan. Kidonk, n ap ankouraje nou pou nou pa achte devan baryè yo, menmsi sa pral mande pou nou fè yon ti efò e pou n òganize nou yon lòt jan pou nou ka manje. ”

7. Ki sa yon bon konduit mande pou nou fè etan nou nan kongrè a ?

7 Nan kongrè a : Se sitou kote y ap fè kongrè a pou moun plis wè bon konduit nou. Silvouplè, kolabore avèk manm sèvis akèy yo, ni nan pakin nan, ni anndan kote y ap fè kongrè a (Ebre 13:17). Pito tout moun ki nan yon fanmi chita ansanm, pase pou yo ta kite timoun yo al fè gwoup ak lòt jèn, menmsi timoun yo se adolesan. Moun pa dwe ploge okenn aparèy sou sistèm elektrik ki gen nan lokal la oswa sou sistèm sonorizasyon an, e yo ta dwe sèvi ak aparèy sa yo yon fason pou yo pa deranje lòt moun. Si w ap fè foto pandan sesyon yo, pa sèvi ak flach. Pedjè yo ansanm ak telefòn selilè yo dwe pwograme yon fason pou yo pa distrè lòt moun. Si gen yon moun ki gen yon pwoblèm sante oswa yon malèz, rele yon manm sèvis akèy pou yo ka mennen l nan sèvis premye sekou.

8. Ki jan konduit nou nan kongrè a pral bay Bondye glwa ?

8 Konduit nou distenge nou parapò ak lòt moun e sa fè nou glorifye Bondye nou an (1 Pyè 2:12). Nan kongrè a, tout moun pral remake aksyon Temwen Jewova yo. Kidonk, annou detèmine pou nou sen nan tout sa n ap fè.

[Kare nan paj 5]

Pou nou montre nou sen nan konduit nou

◼ Chèche lojman kay fanmi nou oswa kay zanmi nou.

◼ Aksepte lojman yo prevwa pou nou epi veye sou konduit nou.

◼ Pa al achte devan baryè a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje