BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/03 p. 8
  • Fè vizit mennen nan etid biblik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè vizit mennen nan etid biblik
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Ede moun ki nan “ dispozisyon kòrèk ” yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Preparasyon se kle pou nou fè nouvèl vizit ki efikas
    Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2003
km 4/03 p. 8

Fè vizit mennen nan etid biblik

1. Poukisa li enpòtan anpil pou nou fè vizit ?

1 Jezi bay kretyen yo misyon non sèlman pou yo preche, men tou pou yo ‘ fè disip e pou yo anseye yo ’. (Mat. 28:19, 20.) Yon predikatè annik preche epi l fini, men yon anseyan fè plis toujou : li anseye, li esplike e li bay prèv. Yon mwayen k ap pèmèt nou anseye moun yo, se lè nou retounen vizite moun ki enterese yo nan objektif pou nou fè etid avèk yo.

2. Ki moun nou ta dwe retounen vizite ?

2 Ki moun nou ta dwe retounen vizite ? Nou dwe retounen vizite tout moun ki aksepte yon piblikasyon nan men nou, oswa tout moun ki montre bon nouvèl la enterese yo menm si se tou piti. Si pandan w nan yon andwa piblik, ou preche yon moun ki enterese, chèche pran adrès li oswa nimewo telefòn li yon fason pou enterè a pa pèdi. Se pou ou gen konfyans ou ka jwenn etid biblik. Kontinye chèche moun ki ta renmen etidye Labib e w ap jwenn kanmenm. — Mat. 10:11.

3, 4. Ki sa ou bezwen fè pou vizit ou yo efikas ?

3 Se pou nou enterese nan moun nan : Pou yon vizit efikas, preparasyon an dwe kòmanse depi nan premye rankont lan. Pwoklamatè ki jwenn bon rezilta se pwoklamatè ki note sa ki enterese moun l ap pale avèk li a e ki itilize enfòmasyon sa yo kòm baz pwochèn fwa li retounen. Gen pwoklamatè ki twouve li bon pou yo soulve yon kesyon anvan yo fini konvèsasyon an yon fason pou yo kenbe enterè moun nan pou lè yo retounen. Si nou enterese nan moun yo ak tout kè nou, sa ap fè nou kontinye panse a yo menm lè nou fin ale e n ap anvi retounen al wè yo byen vit. Si posib, eseye retounen nan demen oswa apre demen pandan moun nan toujou enterese.

4 Lè w ap fè yon vizit, fè efò pou w bati sou konvèsasyon ou te deja gen ak moun nan. Fikse objektif pou ou pataje omwen yon pwen biblik ankourajan ak moun nan nan chak vizit, epi pran tan pou w koute l. Chèche konn moun nan pi byen. Konsa, nan lòt vizit yo, w ap ka ba l verite ki gen nan Pawòl Bondye a ki konsène l dirèkteman.

5. Ki metòd senp nou ka itilize pou nou kòmanse etid biblik ?

5 Annou gen reflèks etid biblik : Fè vizit yo avèk objektif pou w kòmanse etid biblik. Ki jan ou ka rive fè sa ? Di moun nan ou ta renmen pale avè l sou yon ide ki enteresan epi ouvri liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a nan yon paragraf ou konnen k ap enterese l. Li paragraf la, poze kesyon yo, epi pale sou youn oswa de vèsè biblik yo site. Ou ka fè sa menm devan pòt kay moun nan pandan 5 a 10 minit. Pou w fini, poze kesyon ki vin apre a epi pran randevou pou w reponn kesyon sa a yon lòt fwa.

6. Kòman nou ka montre nou konprann enpòtans pou nou fè vizit nou yo ?

6 Pran ka tout moun ki enterese se yon aspè enpòtan nan ministè nou. Pakonsekan, ou bezwen rezève tan nan pwogram ou pou w fè vizit chak semèn. Si ou fè sa, w ap vin pi efikas e sa ap ba w anpil satisfaksyon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje