BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/03 p. 8
  • Ede moun ki nan “ dispozisyon kòrèk ” yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede moun ki nan “ dispozisyon kòrèk ” yo
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Fè vizit mennen nan etid biblik
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Preparasyon se kle pou nou fè nouvèl vizit ki efikas
    Ministè Wayòm nan — 2008
Ministè Wayòm nan — 2003
km 12/03 p. 8

Ede moun ki nan “ dispozisyon kòrèk ” yo

1. Nan epòk nou an, ki moun Jewova ap rasanble bò kote l ?

1 Chak moun gen yon dispozisyon ki byen anrasinen nan kè senbolik li (Mat. 12:35). Bib la pale de moun ki gen ‘ kè yo ki toujou dispoze goumen ’. (Sòm 55:21.) Gen lòt “ ki tou prèt pou eksploze ”. (Pwo. 29:22.) Men tou, gen lòt ‘ ki nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ’. (Tra. 13:48.) Nan epòk nou an, Jewova ap rasanble moun ki nan dispozisyon kòrèk sa yo bò kote l (Aga. 2:7). Ki jan nou ka ede yo pou yo vin sèvitè Jewova ?

2. Ki sa misyon nou genyen pou nou fè disip la gen ladan l ?

2 Fè tout sa nou kapab pou nou retounen : Pou nou ranpli misyon nou genyen pou nou fè disip la, li endispansab pou nou gen yon bon pwennvi sou fè nouvèl vizit (Mat. 28:19, 20). Èske, san pèdi tan, nou pousuiv enterè nou jwenn ? Èske nou retounen vizite moun ki aksepte piblikasyon oubyen moun ki montre bon nouvèl la enterese yo ? Èske nou pèsevere nan efò n ap fè pou nou ede yo pwogrese espirityèlman ? Piske se vi moun ki konsène, nou dwe bat pou nou kiltive tout ti enterè moun yo demontre.

3. Ki sa nou dwe fè lè nou fin pale ak yon moun nan predikasyon ?

3 Pandan konvèsasyon nou ak moun ki enterese a tou fre nan tèt nou, pran yon ti moman pou nou ekri non l ak adrès li. Pran nòt sou sijè nou pale avèk li, make tout vèsè nou li avèk li ak piblikasyon nou kite nan men l. Apre sa, fè tèt nou yon obligasyon pou nou retounen vizite moun nan osito sa posib.

4. Ki jan nou ka fè nouvèl vizit ki efikas ?

4 Fason pou nou fè vizit : Lè n ap fè yon vizit, li enpòtan pou nou montre moun nan nou kontan wè l, pou nou amikal e pou nou demontre moun nan nou enterese nan li toutbonvre. Bat pou konvèsasyon an rete senp epi se pou l baze sou Bib la. Prepare yon sijè biblik ki enteresan pou nou pale ak moun nan e, nan fen vizit la, poze yon kesyon nou ka reponn nan pwochen vizit la. Li pi bon pou nou evite fè diskisyon san nesesite sou bagay moun nan di ki pa biblik. Fè tout sa nou kapab pou nou fè konvèsasyon an sou yon pwen nou toule de dakò. — Kol. 4:6.

5. Ki efò yon pyonye te fè e ki rezilta li te jwenn ?

5 Fè nouvèl vizit mande efò, men byenfè sa pote yo bay kè kontan. Nan peyi Japon, te gen yon pyonye ki te fikse kòm objektif pou l fè plis vizit chak mwa. Tout moun li te rankontre etan l ap preche kay an kay, li te make non yo nan kanè l, li te retounen vizite yo anvan sèt jou. Li te byen prepare sa l pral di e li te akonpli travay li nan ministè a avèk yon konfyans total nan mesaj li t ap anonse a. Nan youn nan vizit li yo, li te gen okazyon kòmanse yon etid ak yon moun ki te di l : “ Mwen pa t janm kite moun sa yo rantre lakay mwen, se premye fwa mwen tande nou. ” Lanmou pyonye a ak pèseverans li te pote bon rezilta. Nan fen mwa a li te remèt rapò pou dis etid biblik.

6. Poukisa nou dwe fè vizit yo ak pèseverans ?

6 Sitiyasyon moun yo toujou ap chanje (1 Kor. 7:31). Souvan sa mande plizyè tantativ pou nou rive jwenn moun ki enterese a lakay li ankò. Men, lè nou fè tout sa nou kapab pou nou retounen fè vizit yo, nou ka ede moun ki nan dispozisyon kòrèk yo pou yo pran chemen lavi etènèl la. — Mat. 7:13, 14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje