Konstriksyon entènasyonal Sal Wayòm nan kèk peyi ann Ewòp
1 Nan dènye deseni sa yo, travay Temwen Jewova yo te anba restriksyon nan anpil peyi ann Ewòp, san wete Ewòp de Lès. Nan pifò peyi sa yo, restriksyon yo te di anpil. Li te difisil pou yo fè reyinyon lib e libè, e li te prèske enposib pou itilize Sal Wayòm pou fè reyinyon yo. Sepandan, nan ane ki sot pase la yo, “ Jewova fè yon gwo bagay nan sa l te fè avèk nou. Nou vin gen kè kontan. ” — Sòm 126:3.
2 Depi nan ane 1983, yo kòmanse desere boulon Temwen Jewova yo. An 1989, yo te rekonèt Temwen Jewova yo legalman nan peyi Polòy ak nan peyi Ongri. An 1991, yo te anrejistre Temwen Jewova yo legalman nan peyi Larisi. Depi lè a, travay la ap vale teren nan Larisi ak nan ansyen repiblik Inyon sovyetik yo. Plizyè biwo filyal, ki gen antou 11 peyi Ewòp sou kont yo, te mande prete lajan pou bati Sal Wayòm. Ant mwa mas 1996 e mwa oktòb 1998, Kolèj santral la te apwou-ve 359 demann ki sot nan filyal sa yo.
3 Pandan w ap gade foto ki nan paj mitan an, reflechi sou gwo bagay estrawòdinè Jewova fè pou pèp li a (Sòm 136:4). Nou kontan lè nou aprann jan yo byen itilize kontribisyon frè ak sè ki nan lemonnantye yo bay. Sa reflete pawòl Jezi te di nan Jan 13:35 lan : “ Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ”
4 Pami peyi ann Ewòp ki benefisye aranjman pou ede konstwi Sal Wayòm kote ki pa gen gwo mwayen nou jwenn Woumani, kote yo konstwi 36 Sal Wayòm depi jiyè 2000. Peyi Ikrèn itilize menm plan an pou prèske tout konstriksyon Sal Wayòm li yo , e sa te pèmèt yo bati 61 Sal Wayòm pandan ane 2001 an. Pandan ane 2002 a yo bati 76 lòt ankò. Grasa ofrann ki te fèt nan Fon pou konstriksyon Sal Wayòm, yo te rive konstwi plizyè santèn Sal Wayòm nan peyi Bilgari, Kwowasi, Larisi, Masedwàn, Mòldavi ak Sèbi ak Monntenegwo.
5 Gen kèk peyi, li pa fasil pou konstwi Sal Wayòm ladan yo. Se gwo efò ki dwe fèt anvan pou yon konstriksyon rive kòmanse toutbonvre. Byen souvan, preparasyon konstriksyon an konn pran anpil tan. Lòt bagay ankò, konstwi yon Sal Wayòm nan zòn Ewòp sa yo koute plis pase anpil kote ann Afrik oswa ann Amerik di Sid. Sepandan, nan peyi ann Ewòp ki pa gen gwo mwayen yo, yo toujou gen bezwen plizyè santèn Sal Wayòm, akoz kantite adoratè Jewova yo k ap ogmante seryezman.
6 Ala sa bèl lè nou wè avèk ki rapidite kantite Sal Wayòm yo bati yo ap ogmante ! Jan anpil eksperyans montre sa, gen bon temwayaj ki bay nan zòn kote yo fè konstriksyon sa yo. Gen kèk kote, otorite lokal yo enpresyone lè yo wè bonjan espri kolaborasyon yo demontre nan respekte règ ki genyen nan konstriksyon.
7 Izayi te gentan anonse vrè adorasyon an t ap miltipliye nan tan nou ye la a. Men sa Bondye te predi pa mwayen pwofèt la : “ Mwen menm Jewova m ap akselere sa nan tan li. ” (Iza. 60:22). Se vre, dizan ki sot pase yo montre moman an te rive pou Jewova fè akwasman ann Ewòp de Lès. Nou swete pou Jewova kontinye vide anpil benediksyon sou efò n ap fè pou akselere konstriksyon Sal Wayòm nan anpil peyi, toutpandan n ap bay plis sipò toujou nan Fon pou konstriksyon Sal Wayòm nan ! Sa ap fè vin gen plis Sal Wayòm nan peyi ki pa gen gwo mwayen yo. E sa ap pèmèt adorasyon ki pwòp la etann li nan anpil kote ann Ewòp e yon pi gwo temwayaj ap rive bay “ jis nan dènye bout tè a. ”— Tra. 13:47.
[Foto nan paj 3]
Konplèks Sal Wayòm Moskou, Larisi
[Foto nan paj 4-6]
Sal Wayòm yo fèk bati ann Ewòp de Lès
Strimica, Masedwàn
Dariva, Kwowasi
Bitola, Masedwàn
Sokal, distri Lviv, Ikrèn
Sofia, Bilgari
Krasnokityabriski, zòn Maykop, Larisi
Baki Petrovak, Sèbi ak Monntenegwo
Plovdiv, Bilgari
Tloumatch, distri Ivano-Frankivsk, Ikrèn
Rava-Riska, distri Lviv, Ikrèn
Stara Pazova, Sèbi ak Monntenegwo
Zenika, Bosni Èzegovin
Sokal, distri Lviv, Ikrèn
Jidatchiv, distri Lviv, Ikrèn