BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/99 p. 3-6
  • Vrè adorasyon an gaye ann Ewòp de Lès

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Vrè adorasyon an gaye ann Ewòp de Lès
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Sal Wayòm : Pwogram konstriksyon an ap avanse
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Konstriksyon entènasyonal Sal Wayòm nan kèk peyi ann Ewòp
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Travay konstriksyon ki bay Jewova glwa
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Se kay kote nou adore
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Ministè Wayòm nan — 1999
km 9/99 p. 3-6

Vrè adorasyon an gaye ann Ewòp de Lès

1 Kretyen nan premye syèk la te zele nan predikasyon Wayòm nan. Yo te rejwi lè yo wè kongregasyon yo ap ‘ ogmante an kantite jouranjou’. (Travay 16:5.) Predikasyon san krent yo a te bay kòm rezilta yon rekòt ki rich ak kwayan, ki te fè vrè kilt la rive jis ann Azi, ann Afrik ak ann Ewòp.

2 Nan tan lafen nou ye la a, vrè kilt la kontinye ap gaye sitou nan tèritwa Ewòp de Lès yo. Nan peyi kote nou te anba restriksyon gouvènmantal rive jis nan kòmansman ane 1990 yo, kounye a n ap viv yon pwogrè remakab. Annuaire 1999 la revele gen de nan peyi sa yo, Larisi ak Ikrèn, yo chak rapòte plis pase 100 000 pwoklamatè k ap patisipe nan ministè a. Depi 1991, nan 15 tèritwa ansyen Inyon Sovyetik, gen plis pase 220 000 moun ki te vwe yo bay Jewova e ki te batize ! Pwogrè rapid sa a te fè li nesesè pou bati anpil Sal Wayòm ak Sal asanble, epitou yo te oblije agrandi yon seri lokal pou filyal yo.

3 Jan Le ministè du Royaume mwa mas 1997 la te anònse sa a, yon pati nan Fon Sosyete a dispoze pou Sal Wayòm sèvi kounye a pou prete kongregasyon nan peyi ki gen bezwen ijan pou plis Sal Wayòm, alòske peyi sa yo pa gen gwo mwayen e yo gen gwo pwoblèm ekonomik. Ant mas 1996 ak oktòb 1998, Sosyete a te apwouve 359 demann anpren pou Sal Wayòm ki soti nan biwo filyal ki gen 11 peyi Ewòp de Lès sou kont yo. Fon yo ranmase yo sèvi pou achte teren ak materyèl pou konstriksyon nouvo Sal Wayòm e yo sèvi pou ede kongregasyon yo fè renovasyon lokal yo te genyen deja. Foto yo montre nou la yo bay yon lide ki jan kontribisyon pou Fon Sal Wayòm Sosyete a ki nan Etazini ak nan lòt peyi ankò te pwofitab pou frè nou yo ann Ewòp de Lès.

4 Diran ane 1998 la, Bilgari te gen yon ogmantasyon 12 pousan, e frè yo te kontan anpil lè yo te inogire premye Sal Wayòm nan ann avril nan menm ane a. Kwowasi te kontan ak 4 pousan ogmantasyon li te genyen, e kounye a frè yo ap bati plis Sal Wayòm pou fè vrè kilt la avanse. Nan Ongri gen anviwon 80 Sal Wayòm k ap sèvi pou 144 kongregasyon. Sa vle di sou 235 kongregasyon ki gen nan peyi a, 61 pousan gen pwòp kote pa yo pou yo adore Jewova. Nan Masedwàn, pwogram konstriksyon Sal Wayòm nan fini de lòt sal, e gen plis toujou ki nan chantye. Ann ete 1999, te gen yon doub Sal Wayòm ki te acheve nan vil Skopje, kapital peyi a. Sal sa a gen kapasite pou desèvi sis kongregasyon pou pi piti.

5 Ane pase, se plis pase 260 moun an mwayèn ki te batize chak semèn nan Larisi ! Pou swiv modèl lòt peyi, kounye a filyal Larisi a òganize 12 komite konstriksyon rejyonal nan pakèt tèritwa l la pou soutni pwojè konstriksyon Sal Wayòm y ap genyen nan lavni. Nan pati nò Sen Petèsbou, konstriksyon premye Sal asanble pou zòn nan ap avanse. L ap gen 1 600 plas. Enstalasyon an pral gen senk Sal Wayòm ladann tou avèk 200 plas pou yo chak. Pou sèvi bezwen espirityèl frè nou yo ak anpil moun ki enterese nan Ikrèn, yo fini 84 Sal Wayòm, plis 80 ki an konstriksyon.

6 Èske devlòpman k ap fèt ann Ewòp de Lès la pa fè kè nou kontan ? Kèlkeswa kote nou abite, jan vrè adorasyon an ap gaye a raple nou Bondye pa gen patipri e pasyans li vle di sove pou yon “ gwo foul ” moun (Rev. 7:9; 2 Pyè 3:9). Se pa ti privilèj nou genyen pou n patisipe, piti kou l ye, nan pwogrè espirityèl lòt moun, menm si moun sa yo nan peyi ki lwen ! Pwovèb 28:27 asire nou : “ Sila a ki lonje men bay moun ki san resous la pap tonbe nan endijans. ” Anpresman nou pou ede kouvri depans konstriksyon fè vin gen “ yon egalizasyon ” nan bagay materyèl. Li pèmèt nou tout goute bonè moun jwenn lè w bay. Rezilta a se lajwa nou genyen pou nou wè vrè adorasyon ap gaye nan lemonnantye. — 2 Kor. 8:14, 15; Travay 20:35.

[Foto nan paj 3]

Săcele, Woumani.

[Foto nan paj 3]

Maardu, Estoni.

[Foto nan paj 3]

Sevnica, Sloveni.

[Foto nan paj 3]

Tiszavasvári, Ongri.

[Foto nan paj 4]

Jūrmala, Latvi.

[Foto nan paj 4]

Taurage, Litwani.

[Foto nan paj 4]

Tallinn, Estoni.

[Foto nan paj 5]

Prievidza, Slovaki.

[Foto nan paj 5]

Mátészalka, Ongri.

[Foto nan paj 5]

Belgrade, Yougoslavi.

[Foto nan paj 6]

Ruma, Yougoslavi.

[Foto nan paj 6]

Vranov nad Topl’ou, Slovaki.

[Foto nan paj 6]

Tornakalns, Latvi.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje