Sal Wayòm : Pwogram konstriksyon an ap avanse
1 An 1983, nan kongrè distri “ Unis grâce au Royaume ” ki te fèt Ozetazini, yo te anonse gen yon fon espesyal yo t apral mete sou pye. Fon sa a t ap la pou soutni konstriksyon ak reparasyon Sal Wayòm toupatou Ozetazini e o Kanada. Lè pwogram sa a te derape se te yon ti kòmansman, e nou pa t vrèman reyalize ki benediksyon nou t apral jwenn. Nou te kòmanse pi byen konprann Sòm 92:4, ki di pawòl sa yo ki byen tonbe : “ Paske ou te fè m kontan, o Jewova, akoz aksyon w, akoz travay men w fè, m ap pete yon rèl, tèlman m kontan. ”
2 Se pa ti kontan nou kontan jodi a, lè nou remake tout sa nou rive reyalize. Antan n ap pale la a, gen yon pwogram ki sou pye, yon pwogram pou konstwi Sal Wayòm sou tout tè a, e pwogram sa a ap avanse rapid rapid. Kèlkeswa fason an, nou tout gen privilèj pou nou patisipe nan aktivite sa a. Nou fè sa lè nou fè ofrann, kit li gwo kit li piti, pou pèmèt nou gen pi plis kote pou nou adore Jewova sou tè a. Gen anpil frè tou, de bongre, yo mete materyèl yo genyen aladispozisyon pwojè sa yo, san konte tan yo, kapasite yo ak talan yo. Si dispozisyon sa a mache kòmsadwa, se paske Jewova gide nou, li soutni nou e li vide benediksyon l sou nou pou efò n ap fè nan tèt ansanm. — Sòm 127:1.
3 Gen anpil filyal ki suiv menm modèl yo te met an plas Ozetazini an. Nan anpil peyi, yo mete yon bwat ofrann nan Sal Wayòm yo, kote pwoklamatè yo kapab mete kontribisyon pou konstriksyon Sal Wayòm. Ozetazini, Ministè Wayòm mas 1997 la te anonse t ap gen yon chanjman nan pwogram sa a. Men ki sa nou li : “ Depi lè yo te kòmanse ak Fon pou Sosyete a konstwi Sal Wayòm nan an 1983, frè yo kontribye avèk jenewozite. Se sa ki pèmèt kongregasyon yo jwenn posiblite prete kòb pou yo konstwi Sal Wayòm. Pou rive kounye a, gen 2 700 kongregasyon anviwon ki gentan benefisye pwogram sa a nan peyi [Etazini]. Si se pa t pwogram sa a, gen anpil kongregasyon ki pa t ap ka rive bati yon Sal Wayòm, oswa yo pa t ap ka repare sa ki ta merite repare. Se sa ki fè, kounye a li ijan pou nou itilize fon sa yo pou nou prete kongregasyon ki nan peyi ki gen gwo pwoblèm ekonomik. Ni Sosyete a, ni kongregasyon ki benefisye pwogram sa a apresye kontribisyon nou kontinye ap fè pou nou soutni dispozisyon sa a. ”
4 Anons sa a se te yon envitasyon pou frè ak sè yo vin patisipe nan pwogram konstriksyon Sal Wayòm nan, yon pwogram k ap akselere. Yo t apral ogmante Fon pou konstriksyon Sal Wayòm nan yon fason pou frè nou ki nan lòt peyi ka benefisye. Nan mwa out 1997, gen yon lòt atik ki te parèt nan Ministè Wayòm nan, ki te di : “ Chak jou, yo bezwen konstwi plis Sal Wayòm toupatou sou tè a. Si nou sèlman pran ane sèvis ki fèk sot pase a, te gen 3 288 nouvo kongregasyon ki te fòme. Anpil nan kongregasyon sa yo fòme ann Afrik, ann Azi, ann Amerik santral, ann Amerik Sid e ann Ewòp de Lès. ”
5 Ki rezilta nou jwenn depi lè dispozisyon sa a kòmanse ? Men ki sa Annuaire 2001 an rapòte : “ Grasa dispozisyon sa a, yo rive konstwi 453 Sal Wayòm nan 30 peyi, e gen 727 lòt ki nan chantye. Yo ensiste anpil sou nesesite pou yo fè yon seri plan modèl pou chak peyi, kote y ap ka sèvi ak materyo yo jwenn sou plas e ak metòd konstriksyon lokal. O Kenya, yo sèvi ak karyann. Nan peyi Togo, yo sèvi ak brik. Nan Kamewoun, yo plis sèvi ak blòk, e apre sa yo randui yo. Konsa, frè ki moun peyi a pa gen twòp pwoblèm pou yo aprann yon metye k ap pèmèt yo jwe yon wòl kle nan kad yon pwogram nasyonal. ”
6 Kòm nou kapab remake sa, Jewova beni pwogram sa a ki sou pye nan kontinan afriken an. Antan n ap gade foto kèk nan Sal Wayòm yo konstwi yo, imajine ki efè sa genyen sou aktivite Temwen Jewova yo. Nou ka wè sa nan twa domèn : tèt ansanm nou genyen antanke frè toupatou sou tè a, efè sa fè nan zòn nan, asistans reyinyon yo ki ogmante. Se vre nan paj mitan sa a, se de pwogram konstriksyon Sal Wayòm ki sou pye ann Afrik yo pale, men nan lòt Ministè Wayòm k ap vini, yo pral montre ki jan pwogram sa a ap avanse nan lòt zòn sou tè a.
[Foto nan paj 3]
REPIBLIK SANTRAFRIKÈN
Bimbo, Bangi
Begwa, Bangi
[Foto nan paj 4]
Oukonga, Tanzani
[Foto nan paj 4]
Akra, Gana
[Foto nan paj 4]
Salala, Liberya
[Foto nan paj 4]
Kawoyi, Zimbabwe
[Foto nan paj 4, 5]
Alada, Benen — ansyen Sal Wayòm
Alada, Benen — Sal Wayòm ki fèk fèt la
[Foto nan paj 5]
Peme, Togo
[Foto nan paj 5]
Sokode, Togo
[Foto nan paj 4, 5]
Fidjwos, Benen
[Foto nan paj 6]
Lyènga, Zanbi — ansyen Sal Wayòm
[Foto nan paj 6]
Lyènga, Zanbi — Sal Wayòm ki fèk fèt la
[Foto nan paj 6]
Kinchasa, Kongo
[Foto nan paj 6]
Mousambira, Wannda