Temwayaj enfòmèl : yon mwayen pou nou louwe Jewova
1 Sèvitè Jewova ki fidèl yo ap chèche okazyon chak jou pou yo ba li louwanj (Sòm 96:2, 3 ; Ebre 13:15). Bay temwayaj enfòmèl, se youn nan mwayen nou kapab fè sa. Jounen jodi a, anpil sèvitè Jewova gen rekonesans paske yon moun te mete yo an kontak ak mesaj Wayòm nan grasa temwayaj enfòmèl.
2 Byen souvan, nou konn annik bay yon sèl moun temwayaj enfòmèl, e sa konn tou louvri chemen pou lòt moun tande mesaj Wayòm nan. Pa egzanp, konvèsasyon Jezi te genyen ak yon Samaritèn bò pi Jakòb la te rive fè bon nouvèl la enterese yon bann lòt moun ankò (Jan 4:6-30, 39-42). Pandan Pòl ak Silas te nan prizon nan Filip, yo te preche jolye a, e tout moun lakay mesye sa a nèt te vin aksepte laverite. — Tra. 16:25-34.
3 Okazyon nou genyen : Ki okazyon nou genyen pou nou bay temwayaj enfòmèl ? Kèk moun fè sa lè y al fè acha, lè yo nan transpò piblik, oswa lè yo nan saldatant kay doktè. Gen lòt ki pwofite bay temwayaj lè y ap pran yon ti poz nan travay yo oswa nan lekòl yo. Annik mete youn nan piblikasyon nou yo yon kote ki vizib, e sa kapab pouse lòt moun poze kesyon sou kwayans nou yo. — 1 Pyè 3:15.
4 Fason pou nou kòmanse : Gen yon tifi setan, yon tifi timid, ki te tande yo di nan yon reyinyon li trèzenpòtan pou tout moun preche. Se konsa pandan l soti al achte ak manman l, li mete de bwochi nan valiz li. Pandan manman l okipe nan peye sa l achte yo, tifi a ofri yon dam yon bwochi, e dam nan te byen kontan aksepte l. Lè yo mande tifi timid sa a kòman l te fè jwenn kouraj pou l al abòde dam nan, men sa l te reponn : “ Mwen annik di tèt mwen : ‘ Nou pre ? Pran pozisyon nou ! Derape ! ’ E mwen te fè sa. ”
5 Pou nou bay temwayaj enfòmèl, nou tout nou bezwen gen yon etadespri ki menm jan ak etadespri tifi sa a. Ki sa k ap ede nou ? Se pou nou priye pou nou jwenn kouraj pou nou pale (1 Tes. 2:2). Prepare yon kesyon oswa yon kòmantè sou yon sijè ki enteresan ou kapab itilize pou w kòmanse yon konvèsasyon. Apre sa, gen konfyans Jewova ap beni efò w. — Lik 12:11, 12.
6 Nou louwe Jewova lè nou bay moun nou rankontre toule jou yo temwayaj enfòmèl, e sa ban nou lajwa. Sa kapab ede yon moun jwenn chemen lavi etènèl la.