Nou se Temwen tout tan
1. Ki sa nou ka aprann nan istwa konsènan temwayaj Jezi te bay dam li te rankontre bò pi a?
1 Jezi te fè plizyè èdtan ap mache. Li te fatige e li te swaf. Pandan disip li yo t al achte manje, li te fè yon ti poze bò kote yon pi, andeyò yon vil ki nan Samari. Jezi pa t vin Samari pou l preche; li te sèlman ap pase la pou l al Galile pou l kontinye ministè l. Sepandan, li te pwofite okazyon an pou l te bay yon dam ki te vin pran dlo temwayaj (Jan 4:5-14). Poukisa li te aji konsa? Se paske Jezi te toujou “temwen fidèl e veridik” Jewova a (Rev. 3:14). Nou imite Jezi lè nou montre nou se Temwen Jewova tout tan. —1 Pyè 2:21.
2. Ki jan nou ka prepare nou pou nou bay temwayaj enfòmèl?
2 Prepare nou: Nou kapab prepare nou pou nou bay temwayaj enfòmèl lè nou toujou gen piblikasyon avèk nou. Gen plizyè pwoklamatè ki toujou pote feyè avèk yo pou yo bay anplwaye k ap vann nan magazen, moun k ap travay nan estasyon gazolin ansanm ak lòt moun yo rankontre pandan jounen an (Ekl. 11:6). Gen yon sè ki vwayaje souvan, li asire l li toujou gen yon ti bib ansanm ak yon liv Sa Labib anseye a nan valiz li, e li fè tout sa l kapab pou l kòmanse yon konvèsasyon avèk moun ki chita bò kote l yo.
3. Ki jan nou ka kòmanse yon konvèsasyon?
3 Kòmanse yon konvèsasyon: Lè n ap bay temwayaj enfòmèl, nou pa oblije kòmanse konvèsasyon an avèk yon sijè biblik. Jezi pa t idantifye l antanke Mesi a lè li te kòmanse pale avèk dam li te rankontre bò pi a. Li te annik mande l yon ti dlo pou l bwè, sa te eveye kiryozite dam nan (Jan 4:7-9). Gen yon sè ki te twouve yon metòd konsa pèmèt li kòmanse yon konvèsasyon lè moun yo mande l si l renmen fete yon fèt an patikilye. Olye pou l annik reponn li pa fete fèt sa a paske l se Temwen Jewova, li di: “Mwen chwazi pèsonèlman pou m pa fete l.” Byen souvan, moun ki poze l kesyon an konn mande l poukisa, e sa tou pèmèt sè a bay moun nan temwayaj.
4. Poukisa Matye 28:18-20 pouse w alaksyon?
4 Menmsi Jezi te fin fè travay predikasyon Bondye te konfye l pou l fè sou tè a, yon travay li te akonpli avèk zèl, li toujou enterese pou nou fè travay predikasyon avèk zèl, menm jan li te konn fè sa (Mat. 28:18-20). Se poutèt sa, menm jan ak Jezi, Modèl nou an, nou se Temwen ki pare pou nou fè lòt moun konnen kwayans nou tout tan. —Ebre 10:23.