BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/03 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 7/03 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 15 jiyè

“ Jodi a, gen anpil moun ki remake moun yo gen plis tandans izole tèt yo. Èske w panse li saj pou yo aji konsa ? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa yon pwovèb di sou enpòtans yon bon zanmi. [Li Eklezyas 4:9, 10.] Peryodik sa a montre poukisa se nou tout ki gen bezwen moun e, si yon moun toujou ap izole tèt li, peryodik sa a montre ki jan li ka rezoud pwoblèm sa a. ”

Réveillez-vous! 22 jiyè

“ Anpil moun enkyè pou jan yo wè bagay ki gen rapò ak pònografi gaye toupatou. Èske w panse se yon rezon pou moun ap bay tèt yo pwoblèm pou sa ? [Kite moun nan reponn.] Konsèy pratik nou jwenn nan Bib la ka pwoteje nou. [Li Efezyen 5:3, 4.] Peryodik sa a montre ki jan nou ka pwoteje tèt nou pou nou pa pran nan pyèj ki gen nan pònografi. ”

Toudegad 1ye out

“ Jodi a, anviwon mwatye nan popilasyon mondyal la ap viv nan mizè. Èske w panse gen yon bagay ki ka fèt pou chanje sitiyasyon sa a ? [Kite moun nan reponn.] Toudegad sa a montre, dapre Bib la, ki jan pwoblèm mizè a pral jwenn yon solisyon definitif. ” — Li Sòm 72:12, 13, 16.

Réveillez-vous! 8 out

“ Nan ane ki sot pase yo, chanjman ki fèt nan klima a fè gen katastwòf, e katastwòf sa yo lakòz gwo dega toupatou sou tè a. Ki sa w panse ki ta ka fèt pou soulaje moun ki viktim yo ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale sou pwoblèm chanjman k ap fèt nan klima a, e li montre tou ki solisyon Bib la prevwa pou pwoblèm konsa. ” — Li Izayi 35:1.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje