Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 22 jiyè
“ Sa fè moun tris anpil lè yo wè soufrans katastwòf natirèl yo lakòz. [Site yon egzanp moun nan zòn nan konnen.] Èske w panse katastwòf sa yo ap vin pi plis toujou ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine kesyon sa a. Li pote rekonfò tou pou moun ki pèdi moun pa yo nan trajedi konsa. ” Li Jan 5:28, 29.
Réveillez-vous! 1ye out
“ Pandan tout milenè ki pase yo, limanite devlope yon pakèt kwayans. Èske w panse li posib pou moun konnen kiyès ki vrè ak kiyès ki fo nan kwayans sa yo ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine ki kote ou ka jwenn vrè ansèyman ki fè Bondye plezi a. ” Li 2 Timote 3:16.
Toudegad 1ye out
“ Anpil moun jodi a ap lite avèk lide kòmkwa yo pa gen okenn valè. Ki sa w panse ki ka fèt pou ede yo ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale sou fason Bib la kapab ede moun konsa pou yo jwenn vrè jwa a. ” Atire atansyon moun nan sou tèks biblik an lèt gra ki ann italik yo nan atik “ La Bible peut vous aider à trouver la joie ”.
Réveillez-vous! 8 out
“ Gen anpil moun ki toujou ap viv nan laperèz. Ki sa w panse ki responsab klima laperèz sa a ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a bay sijesyon pratik pou pwoteje tèt nou kont danje nou tout ap afwonte. Anplis de sa, li pale sou pwomès biblik konsènan yon monn nouvo kote pyès moun pap pè ankò. ” Li Izayi 11:9.