Sèvis pyonye bay benediksyon
1, 2. Ki benediksyon ki makònen ak sèvis pyonye, e sa k fè sa ?
1 Men sa yon pyonye te di : “ Mwen konnen pa gen okenn lòt travay ki te ka ban m satisfaksyon mwen jwenn nan pataje laverite ak lòt moun. ” Gen yon lòt ki di : “ Nan finisman chak jounen, mwen dòmi byen e kè m kontan anpil. ” Pawòl pyonye sa yo reflete santiman frè ak sè toupatou ki goute nan benediksyon sèvis pyonye bay. — Pwo. 10:22.
2 Ou ka jwenn bonjan satisfaksyon nan ede lòt moun gen konesans nan Pawòl Bondye a, yon konesans ki ka sove lavi (Tra. 20:35 ; 1 Tes. 2:19, 20). Men sa yon moun ki pyonye depi lontan ekri : “ Sa fè m kontan e sa fòtifye lafwa m pou m wè jan Pawòl Bondye a gen fòs pou l pouse moun fè chanjman nan lavi yo. ” Wi, piske pyonye yo rann yo disponib pou yo ede moun e pou yo kondui etid biblik, yo vin nan pozisyon pou yo jwenn jan de benediksyon sa yo.
3, 4. Ki jan sèvis pyonye aprann yon moun pou l apiye sou Jewova, e ki jan l ede yon moun fè pwogrè espirityèl ?
3 Apiye sou Jewova : Piske chak jou pyonye yo apiye sou lespri Bondye nan sèvis yo, sa ede yo pou yo devlope “ fwi lespri a ” lakay yo e sa pwoteje yo (Gal. 5:16, 22, 23). Anplis de sa, piske pyonye yo ap sèvi ak Pawòl Bondye a tout tan, byen souvan yo maton nan sèvi ak Bib la pou defann laverite e pou fòtifye lòt moun (2 Tim. 2:15). Men kòmantè yon frè ki te pyonye pandan plizyè dizèn ane fè : “ Sèvis pyonye ede m pou m vin gen yon konesans solid nan Bib la, e m sèvi ak konesans sa a pou m ede anpil moun rive konnen Jewova ak pwogram li yo. ” Sa vrèman bay satisfaksyon !
4 Pyonye pèmanan yo dwe apiye sou Jewova nan anpil lòt domèn toujou. Lafwa yo vin fòtifye ofiramezi y ap remake ki jan li beni efò y ap fè pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Men sa yon pyonye ki gen 72 an, e ki pase 55 an nan sèvis pyonye fè konnen : “ Jewova pa janm fè m wont. ” Yon lòt bò, piske pyonye yo kenbe vi yo senp, yo pwoteje tèt yo kont anpil enkyetid ki gen nan lavi a. Ou pa ta renmen fè menm eksperyans lan tou ? — Mat. 6:22 ; Ebre 13:5, 6.
5. Ki jan sèvis pyonye ede yon moun pou l pwoche bò kote Jewova ?
5 Pwoche bò kote Bondye : Pi gwo byen nou genyen, se relasyon nou avèk Jewova (Sòm 63:3). Lè nou bay tout nou menm nan ministè a paske nou renmen Jewova, relasyon sa a vin pi sere (Jak 4:8). Men sa yon frè ki pyonye depi plis pase 18 an di : “ Sèvis pyonye pèmèt nou ‘ goute e li pèmèt nou wè jan Jewova bon ’, e chak jou k ap pase, n ap konstwi yon relasyon k ap vin pi solid ansanm ak Kreyatè nou an. ” — Sòm 34:8.
6. Ki sa ki nesesè pou pyonye yo genyen, e kiyès ankò apa pyonye yo ki tire pwofi ?
6 Non sèlman li nesesè pou pyonye yo nan sitiyasyon ki pou pèmèt yo pran sèvis la, men tou yo dwe genyen yon fwa solid, yo dwe gen bonjan lanmou pou Bondye e pou pwochen yo, e yo dwe gen volonte pou yo fè sakrifis (Mat. 16:24 ; 17:20 ; 22:37-39). Sepandan, jan nou remake toupatou gen lajwa sou figi pyonye yo, sa montre benediksyon pyonye yo jwenn nan sèvis la depase sakrifis yo fè (Mal. 3:10). E se pa pyonye yo sèlman ki jwenn benediksyon. Fanmi pyonye yo ansanm ak kongregasyon an tire anpil pwofi tou nan bèl etadespri pyonye yo demontre. — Fil. 4:23.