Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 out
“ Pifò moun bay yon bon repitasyon anpil valè. Genyen ki menm ap mande tèt yo ki souvni y ap kite apre yo fin mouri. Èske w pa janm reflechi sou sa ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Eklezyas 7:1.] Peryodik sa a fè yon rale sou ki jan nou kapab vin gen yon bèl non ni devan lèzòm ni devan Bondye. ”
Réveillez-vous! 22 out
“ Si ou menm oswa yon moun nan fanmi w konn abitye sibi presyon, ou konnen jan sa kapab nui moun. [Kite moun nan reponn.] Réveillez-vous ! sa a bay sijesyon k ap itil moun ki viktim anba presyon. Li pale tou sou pwomès Bondye fè nou konsènan yon tan kote lavi a pap gen pwoblèm konsa ankò ditou. ” Li Mika 4:4.
Tour de Garde 1ye sept.
“ Anpil moun panse pil relijyon ki nan monn nan se senpleman chemen diferan k ap mennen menm kote. Gen lòt ki kwè gen sèlman yon sèl vrè lafwa. Èske w konn reflechi sou sa ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a bay detay sou yon ansyen parabòl ki ede nou konprann kesyon sa a. ” Atire atansyon moun nan sou Matye 13:24-30.
Réveillez-vous! 8 sept.
“ Lamòd egzèse yon gwo enfliyans sou lavi anpil moun jodi a. Gen moun ki panse moun bay sa y ap met sou yo ak aparans yo twòp enpòtans. Sa w panse ? [Kite moun nan reponn.] Réveillez-vous ! prezante yon pwennvi ekilibre sou zafè mòd. ” Li Kolosyen 3:12.