BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/04 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 8/04 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 15 out

“ Jodi a, nan domèn maryaj ak fason pou leve timoun, moun yo chèche konsèy anpil kote. Ki bò w panse nou ka jwenn pi bon konsèy ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike kèk nan saj konsèy Kreyatè limanite a bay sou lavi fanmi. ” Li Sòm 32:8.

Réveillez-vous! 22 out

“ Èske w panse se yon bagay ki enpòtan pou papa yo enterese nan lavi pitit yo ? [Kite moun nan reponn.] Réveillez-vous ! sa a pale sou yon pwoblèm k ap vin pi mal de jou an jou : papa ki pa fè santi prezans yo nan kay la. Li esplike tou ki sa papa yo ka fè pou yo gen yon bon enfliyans sou pitit yo. ” Li Pwovèb 13:1.

Toudegad 1ye septanm

“ Nou tout ta renmen ere. Èske w panse bagay yo mansyone la yo kapab fè yon moun ere toutbonvre ? [Li Matye 5:4a, 6a, 10a, epi kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike ki sa pawòl sa yo nou jwenn nan Sèmon sou montay la vle di, e li esplike tou ki lòt bagay ki nesesè pou yon moun ere. ”

Réveillez-vous! 8 septanm

“ Selon estimasyon yo fè, sou chak 4 moun, gen youn ladan yo yon lè ki gen pou soufri yon maladi mantal nan lavi yo. Siman ou rekonèt moun ki gen jan de pwoblèm konsa. [Ouvri peryodik la nan sijè a.] Sijè sa a bay kèk sijesyon pratik sou sa nou ka fè si nou gen yon moun nou renmen ki nan yon sitiyasyon konsa. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje