BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/03 p. 4
  • Jèn : Poze yon bon fondman pou lavni

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jèn : Poze yon bon fondman pou lavni
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Yochiya te fè zanmi ak bon moun
    Anseye pitit ou
  • Jozyas te renmen Lwa Bondye a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • “Chèche Jewova, epi n ap kontinye viv”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Dènye bon wa Izrayèl la
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 9/03 p. 4

Jèn : Poze yon bon fondman pou lavni

1. Poukisa jèn kretyen yo bezwen devlope yon fwa ki solid ?

1 Ki sa ki domine lespri w ? A ki sa w ap panse ? Bagay ki pi enpòtan pou ou yo èske yo plis santre sou bagay kounye a oswa èske yo plis santre sou lavni ? Èske lespri w fikse sou pwomès Bondye yo (Mat. 6:24, 31-33 ; Lik 8:14) ? Pou nou kapab aji sou baz pwomès Bondye fè nou yo, tankou jan nou ka wè sa nan egzanp Abraram ak Moyiz, nou bezwen yon fwa ki solid (Ebre 11:8-10, 24-26). Ki jan nou kapab devlope yon fwa konsa lakay nou yon fason pou nou ka poze “ yon bon fondman pou lavni ” ? — 1 Tim. 6:19.

2. Ki sa egzanp wa Yochiya a aprann nou ?

2 Chèche Jewova : Si w gen yon pwogram aktivite espirityèl avèk fanmi w, se trè byen. Men, pa mete nan tèt ou pwogram sa a ap tou fè w gen yon fwa ki solid. Pou w kapab jwenn “ konesans Bondye ” a, se ou menm ki bezwen chèche Jewova pèsonèlman (Pwo. 2:3-5 ; 1 Kwo. 28:9). Se sa jèn wa Yochiya te fè. Malgre li te leve nan yon anbyans ki pa t toutafè ideyal pou l te pwogrese espirityèlman, a 15 an, ‘ li te kòmanse chèche Bondye David, zansèt li a ’. — 2 Kwo. 34:3.

3. Ki sa jèn kretyen jounen jodi a ka fè pou yo chèche Jewova ?

3 Ki sa w kapab fè pou w chèche Jewova ? Ou bezwen pran san w pou byen egzamine kwayans ou yo yon fason ‘ pou ou menm pèsonèlman ka konstate ’ se verite yo ye vre (Wom. 12:2). Pa egzanp, èske w ka esplike sa Bib la di sou kesyon san ? Èske w ka pwouve Wayòm Bondye a kòmanse gouvène nan syèl la depi 1914 ? Yon aspè enpòtan nan bon fondman w ap poze pou lavni an se lè w genyen “ yon konesans egzak sou laverite ”. — 1 Tim. 2:3, 4.

4. Ki jan pwoklamatè ki poko batize yo ka fè pwogrè yo parèt klè ?

4 Yochiya te chèche Jewova e sa te bay bon rezilta. Anvan l te gen ventan, li te aji avèk kouraj yon fason pou l te ka elimine fo adorasyon nan peyi a (2 Kwo. 34:3-7). Se menm jan an tou pou ou, pwogrè espirityèl ou ap vizib nan aksyon w (1 Tim. 4:15). Si w se yon pwoklamatè ki poko batize, bat pou w amelyore fason w preche. Pa kontante w pou w ap ofri piblikasyon sèlman. Se pou w fikse objektif pou w sèvi ak Bib la, pou w rezone ak moun yo e pou w ede moun ki enterese yo (Wom. 12:7). Sa ap fè w grandi espirityèlman.

5. Ki pòt ki ouvri pou kretyen ki batize yo yon fason pou yo ka etann ministè yo ?

5 Fè tout sa w kapab nan sèvis Jewova : Yon fwa w batize pou demontre ou vwe vi w bay Jewova, ou vin yon minis Bondye konsakre (2 Kor. 3:5, 6). Sa ouvri pòt pou w kapab sèvi Jewova a plen tan. Sa vle di ou ka pyonye, betelit, misyonè oubyen sèvitè entènasyonal. Lòt fason ou ka etann ministè w ankò se si w aprann yon lang etranje oubyen ou deplase al sèvi kote ki bezwen plis bra.

6. Ki jan nou tout kapab poze yon bon fondman pou lavni ?

6 Se vre, se pa nou tout ki ka rann tèt nou disponib pou privilèj sa yo, men nou chak ka fè tout sa nou kapab nan sèvis Jewova (Mat. 22:37). Kèlkeswa sitiyasyon w, santre lavi w sou sèvis Jewova (Sòm 16:5). Si w fè sa, w ap poze yon bon fondman pou lavni.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje