Asiste reyinyon regilyèman : yon priyorite
1 Asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman se yon priyorite pou fanmi ki kretyen. Men jounen jodi a, egzijans lavi a kapab tounen yon defi pou yo. Èske responsablite nan kay, travay pwofàn, devwa lekòl kòmanse pran pye sou tan nou rezève pou n adore Jewova ? Lè n aprann wè bagay yo menm jan Jewova wè yo, sa ap ede nou kenbe priyorite nou yo. — 1 Sam. 24:6 ; 26:11.
2 Te gen yon nonm, yon Izrayelit, ki t ap ranmase bwa nan jou Saba a. Konsa, li te deside pase sou sa Jewova di. Petèt, nan li menm li te di se pou l pran swen fanmi l, oswa se yon ti bagay konsa, se pa anyen. Sepandan, dapre jijman Jewova rann, li te montre lè yon moun chèche mete aktivite pwofàn nan moman ki fikse pou adorasyon, se yon bagay ki grav. — Nonb 15:32-36.
3 Ann leve defi a : Pou anpil moun se batay y ap batay pou yo pa kite travay pwofàn pran pye sou asistans reyinyon. Genyen pou yo leve defi sa a yo pale ak patwon yo. Genyen ki fè aranjman ak kòlèg travay yo, e gen lòt ki chèche yon djòb ki ba yo plis fasilite, oubyen yo senplifye fason y ap viv. Se sèten, sakrifis ki fèt konsa anfavè vrè adorasyon an fè Bondye plezi anpil. — Ebre 13:16.
4 Menm devwa lekòl tou konn reprezante yon defi. Men sa yon jèn di : “ Mwen fè yon pati nan devwa m yo anvan reyinyon e mwen fè rès la apre m retounen lakay. ” Si tout devwa yo bay fè lakay pa gentan fini nan sware ki gen reyinyon an, gen paran ki al esplike pwofesè yo asistans reyinyon se yon priyorite pou fanmi yo.
5 Kowoperasyon ak bon planifikasyon se kle pou travay nan kay la fèt yon fason pou fanmi an prepare l pou l asiste reyinyon yo alè (Pwo. 20:18). Menm timoun ki pi piti yo ka aprann met rad sou yo poukont yo, yon fason pou yo gentan pare pou reyinyon nan lè ki fikse a. Egzanp paran yo kapab fè pitit yo byen konprann enpòtans reyinyon yo. — Pwo. 20:7.
6 Kòm presyon nan sistèm de choz sa a se ogmante y ap ogmante, li trèzenpòtan pou nou asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman. Annou kontinye wè bagay yo menm jan Jewova wè yo, e annou fè asistans reyinyon tounen yon priyorite. — Ebre 10:24, 25.