BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/04 p. 6
  • Yon teni ki senp e ki merite louwanj

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon teni ki senp e ki merite louwanj
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa fason nou abiye ak aparans nou enpòtan?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Yon teni ki byen ranje montre nou gen respè pou Bondye
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Louwe Jewova nan gran kongregasyon an
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Se pou w gen yon bon aparans
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 4/04 p. 6

Yon teni ki senp e ki merite louwanj

1. Poukisa nou dwe panse sou teni nou pandan n ap prepare nou pou kongrè distri a ?

1 “ Nou menm Temwen Jewova nou san parèy ! Nou se moun ki janti, ki byen abiye e ki respekte moun. ” Sa yo se pawòl reprezantan yon otèl te deklare konsènan frè ak sè nou yo ki te vin asiste yon kongrè distri ane pase. Nan okazyon yon lòt kongrè, tande sa yon dam k ap travay nan yon otèl te di : “ Nou menm, tout moun wè nou abiye pou nou fè Bondye plezi. ” Wi, gen moun ki remake kongresis nou yo. Kidonk, nou dwe abiye “ yon fason ki diy parapò ak bon nouvèl ” la, e souvan, sa pouse moun ki pa Temwen fè elòj pou nou e sa demontre nou se minis Bondye (Fil. 1:27). Pandan n ap prepare nou pou kongrè distri a, li apwopriye pou nou panse alavans sou teni nou.

2. Poukisa li pa fasil pou nou rete senp nan fason nou abiye ak nan stil nou ?

2 Men sa disip Jak te ekri : “ Sajès ki soti anlè a se yon sajès toudabò ki pwòp. ” ​(Jak 3:17). Li pa fasil pou nou gen yon teni ki senp. Monn imoral Satan an ap enfliyanse moun yo pou fè yo adopte yon bann stil ki dwòl, ki chokan e ki eveye sans, yon bann stil ki pa konvnab (1 Jan 2:15-17). Se sa k fè, lè n ap chwazi ki rad n ap mete ak ki jan n ap penyen, nou bezwen koute konsèy Bib la ban nou pou nou “ rejte bagay ki pa espirityèl yo, pou nou rejte move dezi monn nan epi pou nou viv avèk bonsans [...] nan sistèm de choz sa a ”. (Tit 2:12.) Nou pa ta renmen pou teni nou choke lòt moun, kit se frè ak sè nou yo, kit se moun nan vwazinaj nou oswa lòt moun k ap obsève nou. — 1 Kor. 10:32, 33.

3. Ki kesyon k ap ede nou egzamine teni nou ?

3 Yon teni ki modès e ki kòrèk : Lè n ap prepare nou pou kongrè a, mande tèt nou : ‘ Èske rad m ap mete yo se rad ki modès, oubyen èske yo pral fè moun ap plede gade m ? Èske rad mwen pap choke lòt moun ? Èske kòsaj mwen pa twò dekòlte oswa èske l pa twò kout ? Èske rad mwen pa klè oswa èske yo pa twò sere ? Èske rad mwen pwòp, èske yo pa gen movèz odè ? Lè m ap pran yon ti detant apre kongrè a, èske mwen toujou sanble ak yon minis Bondye, ki byen chèlbè e ki byen pwòp ? Oubyen èske mwen gen yon teni ki debraye, ki estravagan, ki twò rilaks, ki pa apwopriye pou yon moun ki sot nan kongrè, ki ak tout ensiy li sou li ? Èske rad mwen mete nan moman detant lan t ap fè m santi m jennen pou m bay yon temwayaj enfòmèl ? — Wom. 15:2, 3 ; 1 Tim. 2:9.

4. Ki jan lòt moun kapab ede nou pou nou gen yon teni ki senp ?

4 Nou kapab tire pwofi lè nou mande kretyen ki gen matirite sa yo panse. Pa egzanp, madanm yo kapab mande mari yo ki jan lòt moun ap wè rad yo mete a. Paran k ap sèvi Jewova kapab ede pitit yo nan domèn sa a. Apre sa, sè ki aje, ki gen respè pou Bondye yo, ka “ fè jèn medam yo pran tèt yo, [...] pou yo gen bonsans, pou yo pwòp ” moralman nan teni yo, “ yon fason pou moun pa pale pawòl Bondye a mal ”. (Tit 2:3-5.) Nan piblikasyon nou yo, nou konn jwenn bèl foto ki montre moun ki gen yon teni ki modès e ki kòrèk.

5. Ki jan nou tout nou ka bay Jewova louwanj pandan kongrè a ?

5 Bay Jewova louwanj : Se pa sèlman moun k ap patisipe nan pwogram nan ki gen opòtinite pou louwe Jewova, men se tout moun. Se vre, konduit nou ak pawòl nou ap onore Jewova. Men, premye bagay anpil moun ap remake, se aparans nou, se rad nou met sou nou. Nou swete pou teni nou ki senp, ki merite louwanj, pote louwanj pou Jewova. — Sòm 148:12, 13.

[Kare nan paj 6]

Sa ki ka ede nou gen yon teni ki merite louwanj

◼ Pawòl Bondye a.

◼ Egzamine tèt nou.

◼ Sa lòt moun panse.

◼ Piblikasyon nou yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje