Se yon fason pou nou ede yo
Vrè kretyen yo ap gaye bon nouvèl la grasa ministè y ap akonpli a (Fil. 2:17). Pou yo ka fè travay sa a, yo mete plizyè piblikasyon de baz sou sit Entènèt www.watchtower.org, tankou bwochi, feyè ansanm ak kèk lòt atik, nan 20 lang antou. Yo pa fè sit Wèb sa a pou yo fè Temwen Jewova jwenn piblikasyon nou toujou ap itilize yo. Yo fè l nan objektif pou rann enfòmasyon disponib pou piblik la, enfòmasyon ki egzak konsènan ansèyman biblik Temwen Jewova yo bay.
Tou dènyèman, yo vin ajoute yon bagay ki gen anpil enpòtans sou sit Wèb ofisyèl nou an. Yo ajoute bwochi Ki sa Bondye vle nou fè ? a nan plis pase 220 lang. Yon lòt bagay ankò, yo ekri adrès Wèb nou an nan dènye paj chak nimewo Toudegad ak Réveillez-vous ! ki parèt nan tout lang. Sa kòmanse fèt apati de nimewo Toudegad 1ye janvye 2004 ak nimewo Réveillez-vous ! 8 janvye 2004.
Ki jan zouti sa a kapab itil ou ? Petèt ou kapab rankontre ak yon moun ki sanble l enterese, men ki pa pale menm lang avè w. Si moun sa a konn al sou Entènèt, ou kapab montre l adrès Wèb la nan dènye paj swa Toudegad, swa Réveillez-vous ! Konsa, l ap ka egzamine bwochi Bondye vle a nan lang pa l annatandan ou kapab retounen ak yon piblikasyon nan lang moun nan. Oubyen tou, ou kapab kontakte kongregasyon oswa gwoup ki okipe de moun ki pale lang sa a pou w ka remèt yo vizit la.