Sit wèb ofisyèl nou an: Yo fè l pou l itil ni nou menm ni lòt moun
Jezi te bay disip li yo lòd pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan “sou tout tè a kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14.) Pou ede nou ‘akonpli sèvis nou nèt’, yo fè sit wèb watchtower.org, jw-media.org ak jw.org la fè yon sèl sit wèb ki rele jw.org. — 2 Tim. 4:5.
“Sou tout tè a”: Sou chak twa moun k ap viv sou tè a, gen youn nan yo ki sèvi ak Entènèt. Entènèt se prensipal sous enfòmasyon pou anpil moun, sitou jèn yo. Sit wèb nou an bay moun k ap sèvi ak Entènèt yo bonjan repons sou kesyon moun konn poze sou Bib la. Li ede yo vin konnen òganizasyon Jewova a. E grasa sit la, li vin fasil pou yon moun mande yon etid biblik gratis lakay li. Sa pèmèt bon nouvèl la rive nan zòn sou tè a kote moun pa gen anpil posiblite pou yo tande mesaj Wayòm nan.
“Pou tout nasyon”: Pou “tout nasyon” ka rive jwenn temwayaj, nou dwe prezante moun yo verite ki nan Bib la nan plizyè lang. Moun ki vizite sit jw.org la ka jwenn enfòmasyon byen fasil nan anviwon 400 lang, nan plis lang pase nenpòt lòt sit wèb.
Byen sèvi avè l: Yo pa fè sit jw.org la sèlman pou yo bay moun ki pa kwayan yo temwayaj. Yo fè sit sa a pou Temwen Jewova yo sèvi avè l tou. Si w konn al sou Entènèt, nou ankouraje w pou w chèche konnen sit jw.org la. N ap jwenn kèk sijesyon sou fason pou nou sèvi ak sit sa a pi ba a.
[Chema nan paj 3]
(Gade piblikasyon an)
Aprann sèvi avè l
1 Tape www.jw.org/ht kote yo mete adrès pou moun navige sou Entènèt nan òdinatè w la.
2 Aprann konnen sit la lè w klike sou tit yo, meni yo ak lyen yo.
3 Eseye sèvi ak jw.org la nan nenpòt ki aparèy mobil ou konn itilize pou w al sou Entènèt. Yo fè kèk chanjman nan fason yo ranje enfòmasyon ki sou paj wèb la pou l ka byen chita nan ekran ki piti yo, men se menm enfòmasyon yo ki sou li.