Sèvi ak jw.org nan ministè a — “Fè zanmi ak Jewova”
Sou sit jw.org la, nan antre “Piblikasyon”, nan seksyon “Videyo” gen videyo yo fè pou timoun ki rele “Fè zanmi ak Jewova”. Èske w konn itilize videyo sa yo nan ministè a? Si w ap etidye Labib ak yon moun ki gen timoun piti, poukisa w pa montre l videyo sa yo? Sa ka pouse l chèche konnen lòt pati ki sou sit Entènèt nou an.
Pandan yon frè t ap distribye Nouvèl Wayòm no 38 la, li te rankontre yon dam ki te kòmanse li feyè a menm kote li te ba li l la. Dam nan te gen plizyè timoun piti ki te chofe pou yo konnen sa ki nan feyè a. Frè a te ba yo yon ti esplikasyon sou sa ki nan feyè a epi li te montre yo adrès sit Entènèt nou an ki nan do feyè a. Piske dam nan te montre l enterese, frè a te pwofite okazyon an pou l pase youn nan videyo Kalèb yo pou dam nan ak pitit li yo grasa aparèy mobil li te genyen an.
Gen yon sè ki te pale ak yon kòlèg li ki gen timoun piti konsènan sit Entènèt nou an ak enfòmasyon sit la bay pou fanmi. Dam nan te chèche sit jw.org la ansanm ak pitit li yo. Annapre, li te di sè a timoun yo ap monte desann nan kay la toutpandan y ap chante kantik ki gen tit “Prêche la parole”, youn nan chante ki nan seksyon “Deviens l’ami de Jéhovah” a.
Chèche byen konnen videyo sa yo ki sou jw.org la epi telechaje youn nan yo sou aparèy mobil ou. Konsa, w ap pare pou w sèvi ak videyo sa yo ki sou jw.org la nan ministè a. Se pa ti itil zouti sa a itil pou ede nou travay tankou esklav pou Seyè a! — Tra. 20:19.