Sèvi ak sit wèb nou an nan ministè a — Repons Bib la bay
Sou sit jw.org la, nan antre “La Bible et vous”, gen yon seksyon ki rele “Questions bibliques”. Si nou chèche byen konnen kesyon sa yo moun poze souvan, n ap ka atire atansyon moun ki poze nou kesyon yo sou sit la pou yo ka jwenn repons Bib la bay. Nou ka sèvi ak kesyon sa yo tou pou nou kòmanse konvèsasyon ak moun yo nan ministè a. Nou ka chwazi yon kesyon ki enterese moun nan tèritwa a, epi nou mande moun nan opinyon l sou kesyon sa a. Apre sa, nou ka itilize rezònman yo fè sou sit la pou nou esplike l sa Bib la di sou kesyon an. Pou fini, nou ka montre l ki kote nou jwenn enfòmasyon nou ba li yo, oubyen nou ka fè moun nan li repons kesyon an sou sit la dirèkteman. Madanm yon siveyan itineran te jwenn bon rezilta lè l te di moun nan: “Anpil moun ap mande tèt yo, ‘Èske se Bondye ki lakòz n ap soufri?’ Èske w pa ta renmen jwenn repons pou kesyon sa a nan 51 segonn sèlman?” Apre sa, sè a sèvi ak yon aparèy mobil li genyen pou l fè moun nan koute anrejistreman li te telechaje sou sit la ki reponn kesyon sa a. Pou fini, li atire atansyon moun nan sou chapit 11 nan liv Sa Labib anseye a.