Jewova se sekou moun ki mete konfyans yo nan li
1 Anpil moun konsidere lajan, pouvwa ak kapasite yo genyen, kòm kle ki pou fè yo reyisi nan lavi a (Sòm 12:4 ; 33:16, 17 ; 49:6). Sepandan, moun ki krenn Jewova e ki mete konfyans yo nan li mèt asire yo, jan Bib la di sa, “ Li se sekou yo e li se boukliye yo ”. (Sòm 115:11.) Nou pral egzamine de domèn kote nou bezwen montre nou mete konfyans nou nan Jewova.
2 Antanke minis kretyen : Chak fwa nou gen yon patisipasyon nan kongregasyon an oswa n ap patisipe nan predikasyon, nou fèt pou nou konte sou Bondye. Ann pran Jezi, pa egzanp. Kwak li se Pitit Bondye, li pa t mete konfyans li nan pwòp sajès li ni li pa t konte sou pwòp kapasite l. Okontrè, li te konte san rezèv sou Papa l ki nan syèl la (Jan 12:49 ; 14:10). Si Jezi te fè sa, alewè pou nou (Pwo. 3:5-7) ! Se sèlman si nou gen èd Jewova, efò n ap fè yo, menmsi yo limite, ap rive onore l e y ap rive pote byenfè pou pwochen nou. — Sòm 127:1, 2.
3 Nou montre nou konte sou Jewova lè nou priye pou nou jwenn direksyon nan men l e pou nou jwenn èd lespri sen l (Sòm 105:4 ; Lik 11:13). Mete sou sa, nou montre nou met konfyans nou nan Bondye lè nou baze ansèyman nou sou Pawòl li, Labib. Mesaj ki gen nan liv sa a gen pouvwa pou l touche kè moun e pou l transfòme lavi yo (Ebre 4:12). Lè nou ‘ akonpli ministè nou antanke moun ki depann de fòs Bondye bay ’, sa glorifye Jewova. — 1 Pyè 4:11.
4 Lè nou rankontre pwoblèm : Nou bezwen chèche sekou nan men Jewova tou lè n ap sibi presyon oswa lè nou gen pwoblèm (Sòm 46:1). Pa egzanp, sa ka rive yon patwon gen retisans pou l ban nou konje pou n al asiste asanble, oubyen nou ka ap fè fas ak yon gwo pwoblèm nan fanmi nou. Nou montre konfyans nou nan Jewova lè nou ouvri kè nou devan l, nan lapriyè, e lè nou aplike direktiv li ban nou pa mwayen Pawòl li ak òganizasyon l lan (Sòm 62:8 ; 119:143, 173). Lè sèvitè Jewova yo aji konsa, yo santi men Jewova k ap ede yo nan lavi yo. — Sòm 37:5 ; 118:13, 16.
5 Men ki asirans Jewova ban nou ak bouch li : “ Benediksyon pou gason vanyan an ki mete konfyans li nan Jewova e ki fè Jewova tounen asirans li. ” (Jer. 17:7). Nou swete pou nou montre konfyans nou nan li nan tout sa n ap fè ! — Sòm 146:5.