BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/02 p. 1
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Ou kapab fè frè w ak sè w yo konfyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Jewova se sekou moun ki mete konfyans yo nan li
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 7/02 p. 1

Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

1 Nan monn sa a k ap chanje toutan an, pou nou kapab kenbe fèm nan lafwa, nou bezwen fè Jewova konfyans. Ki jan nou kapab montre konfyans sa a nan fason n ap viv toulejou ? Ki enfliyans konfyans sa a ka genyen sou jan n ap viv pèsonèlman ak jan n ap viv nan fanmi nou ? Ki jan li kapab ede nou reziste anba enfliyans monn Satan an ? Asanble sikonskripsyon ki pral fèt nan ane sèvis 2003 a pral reponn kesyon sa yo. Men tèm li : “ Fè Jewova konfyans epi fè sa ki byen. ” — Sòm 37:3.

2 Se pa pou nou tann lè nou rive nan yon moman kote nou bare, kote nou pèdi espwa, pou nou demontre nou gen konfyans nan Jewova. Se yon bagay ki konsène tout ti aspè nan fason n ap viv chak jou. Yo pral chita sou sa nan diskou sa a : “ Mettons notre confiance en Jéhovah en tout temps. ” ​(Sòm 62:8). Epitou, ap gen yon senpozyòm an kat pati ki gen tèm sa a : “ Manifestons notre confiance en Jéhovah ”. Li pral montre nou fason pou nou jwenn sijè biblik ki ka ede nou reyisi nan maryaj nou, rezoud pwoblèm nou rankontre anndan fanmi nou epi jwenn sa nou bezwen pou nou viv. Diskou sa a ap montre nou tou fason pou nou mete konsèy nou jwenn yo an pratik.

3 Monn Satan an ap bat pou l fòse nou asepte konsepsyon defòme li genyen sou sa ki byen ak sa ki mal. L ap bat pou l jete latwoublay nan lespri nou lè n ap chèche konnen ki sa pou nou bay priyorite nan lavi nou (Iza. 5:20). Diskou “ Ne poursuivons pas des choses futiles ” ak diskou “ Fuyons le mal, faisons le bien ” pral fè nou gen plis detèminasyon pou nou mache selon prensip wo nivo Jewova yo.

4 Lè Jewova pral detwi sistèm mechan sa a, sèvitè Bondye yo ap bezwen gen yon konfyans total nan li. Yo pral pale sou sa nan diskou piblik la. Tèm li se : “ La fin de la détresse mondiale est proche ”. Apresa, n ap gen okazyon pou nou egzamine tèt nou nan diskou “ Serez-vous jugé digne du Royaume de Dieu ? ” N ap jwenn egzòtasyon nan diskou final la ki gen tèm sa a : “ Mettons notre confiance dans les promesses de Jéhovah. ”

5 Yon moman enpòtan nan chak asanble se diskou batèm nan. Nenpòt moun ki ta renmen batize ta dwe pale avèk siveyan prezidan an san pèdi tan yon fason pou li ka fè aranjman ki nesesè pou sa.

6 Nan epòk tèt anba sa a n ap viv la, se sèl Jewova nou kapab fè konfyans, se sèl li menm ki pap chanje (Sòm 118:8, 9). Se pou nou tout asiste asanble sikonskripsyon sa a, e se pou nou prezan nan tout sesyon yo. Sa ap fè konfyans nou nan Jewova vin pi solid.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje