BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/00 p. 3
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Yon asanble sikonskripsyon k ap ede nou prezève espirityalite nou
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Yon dispozisyon pou minis kretyen yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 1999
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 7/00 p. 3

Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Nou konnen Jewova merite pou nou renmen l e pou nou ba l yon atachman san pataj. Sepandan, monn nan ap bat pou li atire nou, yon fason pou nou pa kenbe bonjan relasyon nou genyen avèk Bondye a (Jan 17:14). Pou nou ka ranfòse lanmou nou pou Jewova e pou nou ka jwenn fòs pou nou reziste devan bagay nan monn nan ki mete espirityalite nou an danje, tèm asanble sikonskripsyon pou ane 2001 an se “ Renmen Bondye, pa renmen bagay ki nan monn nan ”. — 1 Jan 2:15-17.

Yon amou pwofon pou Jewova pouse nou temwaye pou li. Men, kanmenm, predikasyon se pa bagay ki fasil pou anpil moun nan pèp Bondye a. Nan diskou “ L’amour pour Dieu nous pousse à prêcher ”, n ap aprann ki jan anpil moun rive pote laviktwa sou timidite ak lòt obstak ankò pou yo patisipe san rezèv nan travay sa a.

Ki enfliyans prensip monn nan, prensip k ap deteryore yo, genyen sou nou ? Zak moun te konn kondane lontan, jodi a moun twouve yo swadizan nòmal. Diskou “ Ceux qui aiment Jéhovah, haïssent le mal ” ansanm ak senpozyòm “ Les choses qui sont dans le monde : comment les considérons-nous ? ” pral ban nou pi plis detèminasyon pou nou di non lè nou devan move lide.

Nan pwogram nan, n ap gen yon Lekòl ministè teyokratik ak yon Reyinyon sèvis modèl, san nou pa bliye rezime etid La Tour de Garde pou semèn nan. Diskou piblik la, “ Vainqueurs du monde grâce à l’amour et à la foi ”, pral ankouraje nou imite Jezi nan efò n ap fè pou nou reziste devan presyon monn nan ap fè sou nou pou detounen nou (Jan 16:33). Pa manke pa envite etidyan w yo vin asiste. Nenpòt moun ki ta renmen batize ta fèt pou li pale sa ak siveyan prezidan an sito sa posib. Sa va pèmèt siveyan prezidan an fè tout aranjman nesesè.

Asanble sikonskripsyon sa a pral fikse atansyon nou sou ki bò egzakteman lanmou nou ta dwe ye, yon fason pou nou kapab jwenn yon dividal benediksyon nan men Jewova. Pa rate okenn pati ladann !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje