BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/10 p. 1
  • Yon dispozisyon pou minis kretyen yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon dispozisyon pou minis kretyen yo
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Yon asanble sikonskripsyon k ap ede nou prezève espirityalite nou
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Pwoteje lespri nou
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2000
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 8/10 p. 1

Yon dispozisyon pou minis kretyen yo

1. Ki nouvo dispozisyon ki te kòmanse nan ane 1938, e nan ki objektif?

1 Nan ane 1938, òganizasyon Jewova a te kòmanse ak yon nouvo dispozisyon. Yo te envite plizyè gwoup kongregasyon pou yo vin asiste asanble zòn yo, ki gen non asanble sikonskripsyon jodi a. Nan ki objektif? Men repons Informateur (Ministè Wayòm nan jodi a) ki te parèt pou mwa janvye 1939 la bay: “Asanble sa yo se yon dispozisyon yo pran nan òganizasyon Jewova a pou fè nou konnen konduit nou dwe genyen nan travay Wayòm li a. Enstriksyon nou jwenn nan asanble sa yo esansyèl pou nou chak dekwa pou nou ka byen fè travay Jewova asiyen nou an”. Lè nou konsidere akwasman ki fèt soti nan ane 1938 pou rive nan ane 2009, peryòd kote nou pase de 58 000 pwoklamatè sèlman pou rive plis pase 7 000 000, li klè, asanble sikonskripsyon yo, ap akonpli objektif yo genyen pou yo ede minis yo ‘fè travay Jewova asiyen yo a’!

2. Ki diskou yo pral prezante nan asanble sikonskripsyon an pandan nouvo ane sèvis la?

2 Tèm pou asanble sikonskripsyon k ap vini an: Nou chofe pou nou wè asanble sikonskripsyon yo kòmanse nan mwa septanm lan e pou nou jwenn ankourajman yo pral bay nan asanble pa nou an. Men tèm asanble a: “Nou pa fè pati monn nan”, li soti nan Jan 15:19. Ki diskou k ap yon sous ankourajman pou minis kretyen yo? Nan samdi, nou pral tande yon diskou ki gen tit “Lè nou nan sèvis aplentan, kòman sa pwoteje nou?” Anplis de sa, nou pral tande yon senpozyòm an twa pati. Men tit li: “Pa kite yo kontamine nou:” 1) “Bèt sovaj la”, 2) “Gwo pwostitye a” e 3) “Komèsan yo.” Nan dimanch, nou pral tande yon senpozyòm ki gen tit “Se pou nou renmen Jewova, pinga nou renmen monn nan.” Men kèk lòt diskou k ap genyen: “Kontinye viv ‘antanke etranje e antanke moun ki depasaj’” e “Pran kouraj! Nou ka venk monn nan.”

3. Ki pwofi n ap ka jwenn lè nou asiste asanble sikonskripsyon an?

3 Apre yon sè ki te ralanti nan sèvis predikasyon an te fin asiste yon asanble sikonskripsyon ki te fèt pa twò lontan, li te ekri pou l fè konnen pwogram asanble a te pouse l egzamine sitiyasyon l ankò. Konsa, li te pran detèminasyon pou l ‘soti nan predikasyon e pou l sispann chèche bay tèt li rezon pou l pa al preche.’ Se sèten, pwogram asanble sikonskripsyon pou ane sèvis k ap vini an pral ede nou tout renmen Jewova olye nou renmen monn nan (1 Jan 2:15-17). Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou la nan asanble sikonskripsyon an e pou nou koute avèk atansyon, dekwa pou nou tire bonjan pwofi nan dispozisyon sa a ki plen lanmou pou minis kretyen yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje