Yon asanble sikonskripsyon k ap ede nou prezève espirityalite nou
1. Site youn nan dispozisyon Jewova pran pou ede nou akonpli misyon nou genyen pou nou simaye bon nouvèl la.
1 Jewova ban nou tout enstriksyon, tout fòmasyon ak tout ankourajman nou bezwen pou nou akonpli misyon li konfye nou an, anpalan de misyon pou nou simaye bon nouvèl la (Mat. 24:14; 2 Tim. 4:17). Asanble sikonskripsyon nou genyen chak ane a se youn nan dispozisyon sa yo. Nan pwogram asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2010 la, yo pral devlope tèm sa a: “Prezève espirityalite w.” Li baze sou Women 8:5 ak Jid 17-19. Seri asanble sa yo ap kòmanse apati semèn 31 out 2009.
2. a) Ki byenfè nou pral jwenn nan asanble sikonskripsyon an? b) Ki jan asanble ki pase yo te ede w nan ministè a?
2 Ki pwofi n ap tire nan asanble a: Pwogram nan pral avèti nou kont yon seri danje tankou distraksyon ki ka pran tout tan nou e ki ka detounen atansyon nou sou bagay ki vrèman enpòtan yo. Nou pral aprann ki sa nou ka fè pou nou pa gen yon etadespri sitirè e nou pral aprann ki sa ki karakterize yon moun ki espirityèl. Nan yon senpozyòm k ap fèt nan dimanch, yo pral montre ki dispozisyon chak moun an patikilye ak chak fanmi ka pran pou yo ranfòse espirityalite yo malgre gwo presyon yo ka sibi e malgre gwo eprèv lafwa yo ka jwenn. Pwogram nan ap ede nou prezève kè nou, l ap ede nou rete an sante espirityèlman e l ap ede nou kenbe nan lespri nou tout benediksyon k ap tann moun ki prezève espirityalite yo.
3. Ki lè w ap gen asanble sikonskripsyon, e ki rezolisyon w ta dwe pran?
3 Kou nou konnen ki kote e ki lè asanble sikonskripsyon pa nou an ap fèt, se pou nou fè aranjman pou nou asiste tout sesyon yo pandan toule de jou asanble a ap dire a e pou nou koute avèk atansyon. Nou mèt gen asirans Jewova ap beni efò nou si nou dilijan. — Pwo. 21:5.
4. Ki sa nou sèten nou pral jwenn nan asanble sikonskripsyon k ap vini an?
4 Anfèt, se Jewova ki bay bèl don sa a. Pwogram esklav fidèl ki prevwayan an te prepare a se egzakteman sa nou bezwen pou nou kontinye sèvis nou antanke minis kretyen. Nou rekonesan anvè Jewova pou tout dispozisyon li pran avèk amou pou l ede nou “kenbe fèm nan pwoklame esperans nou, san nou pa brannen”. — Ebre 10:23-25; Jak 1:17.