Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
Ki avantaj pratik ou jwenn depi kounye a nan mache w ap mache ak Jewova a ? Ki jan ou kapab konbat kont tantasyon k ap fè w kite objektif ki pa objektik teyokratik fè w pa bay enterè Wayom nan premye plas nan lavi w (Matye 6:33) ? Èske w wè li difisil pou konprann sa ki bon ak sa ki pa bon anndan monn nan, kote yo fè sa ki pa bon pase pou sa ki bon (Ebre 5:14) ? Yo pral pale sou pwen sa yo nan asanble sikonskripsyon an. Men tèm asanble a : “ Ranmase avantaj depi kounye a lè w mache nan chemen Bondye a. ” Seri asanble sa a ap kòmanse apati mwa septanm 1999. — Sòm 128:1.
Bagay nouvo k ap gen nan asanble sikonskripsyon sa a se yon Reyinyon sèvis modèl yo pral fè. Siveyan sikonskripsyon an pral fè kongregasyon yo konnen ki planifikasyon ki fèt yon fason pou tout moun kapab prepare yo pou yo jwi pwogram sa a nan bon ti mamit.
Nan diskou “ Pyonye : Kenbe tèt ou dwat sou jan w ap mache ”, yo pral eksplike nou jan pou nou montre sajès ak sans lojik nou yon fason pou nou pwofite de yon seri okazyon ki tou bon pou sèvis pyonye (Efezyen 5:15-17). Nan diskou “ Fètatansyon ak chemen ki parèt dwat yo ” nou pral aprann jan pou nou asire nou ki bagay Bondye asepte nan tout sa ki konsène lavi nou. Diskou “ Ki enfliyans pwofesi ki reyalize deja yo gen sou nou ” pral ede nou plen panse nou ak kè nou avèk lanmou pou Pawòl Bondye a. Diskou piblik “ Ala bon chemen Bondye a bon pou nou ! ” pral chita sou avantaj pratik n ap jwenn depi kounye a lè nou rete kole avèk sa ki dwat Jewova vle nou fè.
Èske w ta renmen demontre piblikman ou vle mache nan chemen Bondye a kòm youn nan sèvitè vwe li yo lè w ta fè w batize nan dlo ? Al pale ak siveyan prezidan an yon fason pou yo kapab fè aranjman ki nesesè avè w.
Pran rezolisyon pou w pa rate asanble sikonskripsyon sa a paske se sa nèt. Bat pou w pran toulede jou asanble a nèt paske “ tout moun ki respekte Jewova epi ki mache nan chemen l ” se byennere yo ye. — Sòm 128:1.