Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 jen
“ Jodi a, se yon defi pou paran rive elve pitit yo nan monn sa a, pa vre ? [Kite moun nan reponn.] Remake ki asirans Bib la bay pou montre paran yo ka rive fè sa. [Li Pwovèb 22:6.] Peryodik sa a bay yon seri de konsèy pratik pou ede paran yo nan efò y ap fè pou yo leve defi sa a. ”
Réveillez-vous! 22 jen
“ Pou anpil moun, kwè nan Bondye se pa bagay ki syantifik. Men, èske w te konnen gen kèk syantifik ki di, okontrè, lasyans soutni kwayans nan yon Kreyatè ? [Kite moun nan reponn.] Réveillez-vous ! sa a egzamine kèk nan prèv ki pèmèt yo rive nan yon konklizyon konsa. ” Li Women 1:20.
Toudegad 1ye jiyè
“ Lè yon malè rive, gen anpil moun ki mande èske sa pa di Bondye anyen, èske l wè jan lèzòm ap soufri. Èske ou menm tou ou konn poze tèt ou kesyon konsa ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a fè yon rale sou fason Bondye montre sousi li genyen pou nou menm k ap viv jodi a e li montre ki dispozisyon li pran pou l elimine tout soufrans. ” Li Jan 3:16.
Réveillez-vous! 8 jiyè
“ Pou anpil moun, adolesans se yon peryòd nonsèlman ki pote lajwa, men tou ki vini ak anpil pwoblèm. Èske ou menm tou se sa w panse ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine chanjman ki pase nan lavi adolesan yo. Li fè yon ti rale tou sou kèk konsèy saj ki ka ede yo pa gaspiye jenès yo. ” Li Eklezyas 12:1.