Pèsevere nan travay predikasyon an
1 Tan kritik yo la. Vyolans anndan peyi yo, gè ant tribi, katastwòf natirèl, ak lòt evènman terib ankò tounen bagay ki kouran. Jodi a, plis pase nan nenpòt lòt epòk, lèzòm bezwen tande bon nouvèl. Malgre sa, toupatou moun yo montre yo endiferan devan bagay espirityèl yo. Gen kote, li ka difisil pou nou jwenn moun lakay yo e li ka menm pi difisil pou nou jwenn moun k ap koute nou oswa moun ki vle etidye Labib. Malgre tou, li esansyèl pou nou pèsevere nan travay preche bon nouvèl Wayòm Bondye ki etabli a. — Mat. 24:14.
2 Lanmou pou moun yo : Travay predikasyon nou an atire atansyon sou lanmou Jewova pou moun yo. “ Li pa vle pyès moun detwi, men li vle pou tout moun rive repanti. ” (2 Pyè 3:9 ; Eze. 33:11). Se poutèt sa li deside, jan Jezi te di a, “ fòk toudabò yo preche bon nouvèl la nan tout nasyon ”. (Mak 13:10.) Bondye rele moun yo pou yo vin jwenn li pou yo chape anba jijman k ap vini sou monn Satan an (Yow. 2:28, 29, 32 ; Sef. 2:2, 3). Èske nou pa rekonesan dèske Jewova te ofri nou posiblite sa a tou ? — 1 Tim. 1:12, 13.
3 Rapò mondyal la montre pandan ane sèvis 2004 la te gen yon mwayèn 6 085 387 etid biblik ki te kondui chak mwa, epi te gen yon mwayèn 5 000 nouvo disip ki te batize chak semèn ! Pami nouvo batize sa yo, gen ladan yo se rezilta benediksyon Jewova te vide sou pèseverans pwoklamatè yo ki te fè efò pou yo pale ak tout moun nan tèritwa kote yo asiyen yo. Sa te pote yon jwa san parèy nan kongregasyon yo, e se vrèman yon privilèj pou nou travay antanke konpayon Bondye nan travay sove lavi a ! — 1 Kor. 3:5, 6, 9.
4 N ap louwe non Jewova : N ap pèsevere nan travay predikasyon an yon fason pou nou louwe Jewova an piblik epi pou nou sangtifye non l devan lèzòm (Ebre 13:15). Satan twonpe “ tout latè ki abite ” lè l fè moun kwè Bondye pa gen pouvwa pou l rezoud pwoblèm limanite yo. Li fè kwè Bondye endiferan devan soufrans lèzòm, oswa Bondye tou senpleman pa egziste (Rev. 12:9). Lè nou preche, nou defann laverite sou Papa estrawòdinè nou an ki nan syèl la. Annou kontinye louwe non li, kounye a e pou tout tan. — Sòm 145:1, 2.