Nevyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Prepare etidyan yo pou yo bay temwayaj enfòmèl
1 Lè Andre ak Filip te konprann Jezi se Mesi yo te pwomèt la, yo pa t kapab kenbe nouvèl estrawòdinè sa a pou yo san yo pa t pataje l ak lòt moun (Jan 1:40-45). Jodi a, menm jan an tou, etan moun n ap etidye Labib avèk yo kòmanse egzèse lafwa nan sa y ap aprann yo, yo santi yo anvi pale de sa (2 Kor. 4:13). Ki jan nou ka ankouraje yo pou yo bay temwayaj enfòmèl e ki jan nou ka prepare yo pou yo bay li yon fason ki efikas ?
2 Ou kapab senpleman mande moun w ap etidye avèk li a si l pale ak lòt moun konsènan sa l aprann nan Bib la. Petèt, gen kèk zanmi ak kèk manm fanmi l li ta kapab envite vin asiste etid la. Mande l si gen kòlèg travay li, kamarad lekòl li, oswa lòt moun li konnen ki montre yo enterese. Konsa, li kapab kòmanse bay temwayaj. Ede l konprann li bezwen egzèse disènman e li bezwen montre li gen respè ak bonte lè l ap pale ak lòt moun konsènan Jewova Dye ak objektif li yo. — Kol. 4:6; 2 Tim. 2:24, 25.
3 Lè y ap pataje kwayans yo : Li trèzenpòtan pou w bay moun w ap etidye Labib avèk yo fòmasyon pou yo sèvi ak Pawòl Bondye a lè y ap pataje kwayans yo. Nan kèk moman w byen chwazi pandan etid la, mande etidyan an : “ Ki jan w ta ka sèvi ak Bib la pou w esplike manm fanmi w verite sa a ? Oswa ou kapab mande l : “ Ki tèks biblik ou ta ka itilize pou w pwouve yon zanmi verite sa a ? ” Gade ki jan l reponn, epi montre l ki jan pou l baze sa l ap anseye yo sou Ekriti yo (2 Tim. 2:15). Lè w fè sa, w ap prepare moun w ap etidye Labib avè l la pou l bay temwayaj enfòmèl e, lè l vin kalifye, pou l patisipe nan predikasyon kongregasyon an òganize.
4 Li saj pou w prepare moun w ap etidye Labib avèk yo pou yo fè fas ak opozisyon (Mat. 10:36; Lik 8:13; 2 Tim. 3:12). Lè lòt moun poze kesyon oswa fè kòmantè sou Temwen Jewova yo, sa ka bay moun n ap etidye Labib avèk yo okazyon pou yo bay temwayaj. Bwochi Temwen Jewova : Kilès yo ye ? Nan ki sa yo kwè ? kapab ekipe yo pou yo ‘ pare pou yo defann yo ’. (1 Pyè 3:15.) Li gen enfòmasyon presi ladan l nouvo yo kapab itilize pou yo ede kèk zanmi ak kèk manm fanmi k ap enkyete pou yo, yon fason pou moun sa yo ka byen konprann kwayans ak aktivite nou yo ki baze sou Bib la.