Annou kiltive enterè nou jwenn grasa wout peryodik
1. Kòman nou ka kiltive enterè moun yo grasa yon wout peryodik ?
1 Anpil moun nou rankontre nan predikasyon kontan akeyi nou e yo byen kontan aksepte piblikasyon nou yo, poutan yo ezite aksepte yon etid biblik regilye. Yon fason nou ka kiltive enterè yo se grasa yon wout peryodik. Lè w plase peryodik, note non moun nan ak adrès li, dat ou te vizite l la, nimewo peryodik li te aksepte yo, ak vèsè nou te egzamine, ansanm ak nenpòt bagay ou te remake ki ka endike sa ki enterese l. Ofiramezi nouvo nimewo peryodik yo ap vini, chèche pwen ki ka enterese moun ki gen wout peryodik avè w yo, epi mete aksan sou pwen sa yo lè w vizite yo (1 Kor. 9:19-23). Rive yon lè, yo ka li yon bagay nan peryodik nou yo ki eveye enterè yo epi fè yo anvi aprann pi plis.
2. Poukisa li ijan pou moun yo chèche Jewova depi kounye a, epi ki sa nou ka fè anplis pou nou ede yo ?
2 Poutan, nou rekonèt pifò moun pap annik li peryodik yo poukont yo epi yo vin sèvi Jewova. Piske li ijan pou moun chèche Jewova depi kounye a, ki sa nou ka fè anplis pou nou ede yo (Sef. 2:2, 3 ; Rev. 14:6, 7) ? Chak fwa nou pote peryodik pou yo, nou ka kiltive enterè yo lè nou pataje avèk yo yon vèsè nou byen chwazi.
3. a) Ki jan nou ka prepare yon seri konvèsasyon kote yo chak ap baze sou yon sèl vèsè biblik ? b) Ki sijè ki enkyete moun yo plis nan tèritwa pa w la ?
3 Konvèsasyon ki baze sou yon sèl vèsè biblik : Panse ak moun ou gen wout peryodik avèk yo, epi prepare yon seri konvèsasyon ki koresponn ak bezwen chak moun e chak konvèsasyon ap baze sou yon sèl vèsè biblik (Fil. 2:4). Pa egzanp, si yon moun fèk gen yon moun pa l ki mouri, ou ta ka fè plizyè vizit pou w pale konsènan sa Bib la di sou kondisyon moun ki mouri epi sou esperans rezirèksyon an. Nou ka sèvi ak sijè nou jwenn nan liv Comment raisonner a nan ribrik “ Mort ” ak nan ribrik “ Résurrection ” pou nou prepare konvèsasyon sa yo k ap baze sou yon sèl vèsè biblik. Apre sa, nou ka abòde tou natirèlman lòt sijè ki makònen ak sijè sa yo tankou ki jan maladi, vyeyès ak lanmò pral disparèt konplètman. Sa k pi enpòtan an se jwenn yon sijè ki enterese moun nan epi montre l ofiramezi sa Bib la di sou sa.
4. Lè n ap sèvi ak Bib la, poukisa li enpòtan pou nou ede moun yo konprann, epi kòman nou ka fè sa ?
4 Ede yo konprann : Malgre l toujou pi bon pou konvèsasyon sa yo senp e pou yo kout, nou bezwen fè plis pase annik li vèsè nou te chwazi a. Satan avegle lespri moun yo anrapò ak bon nouvèl la (2 Kor. 4:3, 4). Menm moun ki abitye ak Bib la bezwen èd pou yo konprann li (Tra. 8:30, 31). Donk, pran tan w pou w esplike tèks la epi bay egzanp sou li, menm jan w t ava fè nan yon diskou nan Lekòl ministè teyokratik la (Tra. 17:3). Asire w moun nan wè valè pratik Pawòl Bondye a nan pwòp vi pa l.
5. Ki jan yon vizit ki fèt nan kad yon wout peryodik kapab debouche sou yon etid biblik ?
5 Si moun nan renmen sa l ap aprann nan, tikras pa tikras, fè konvèsasyon yo vin pi long, yon fason pou w sèvi ak de oswa twa vèsè nan chak vizit. Chèche yon okazyon pou w prezante bwochi Bondye vle a oswa liv Konesans lan. Konsa, yon vizit ki fèt nan kad yon wout peryodik kapab debouche sou yon etid biblik.