BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/05 p. 3
  • Ede pitit nou pwogrese nan ministè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede pitit nou pwogrese nan ministè a
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Anseye pitit nou pou yo ka louwe Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Enstwi pitit ou depi l toupiti
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Paran, pwoteje eritaj ou a ki gen anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Ministè Wayòm nan — 2005
km 7/05 p. 3

Ede pitit nou pwogrese nan ministè a

Paran kretyen yo gen yon gwo responsablite sou do yo : fòme pitit yo nan ministè a depi yo toupiti. Gen plizyè fason yo ka rive fè sa. Gen timoun ki kapab resite yon tèks biblik apwopriye depi anvan menm yo konn li. Sa ka gen yon gwo efè sou moun k ap koute yo. Toutpandan timoun yo ap grandi, yo ka fè plis nan ministè a. Ki jan nou menm paran nou ka ede pitit nou pou yo menm tou rive bay temwayaj ? Petèt sijesyon annapre yo ka pote plis èd pou nou toujou.

2 Apre w fin salye moun nan, ou ka di :

◼ “ Tigason m nan [di non timoun nan] ta renmen atire atansyon w sou yon vèsè ki trèzenpòtan. ” Timoun nan ka di : “ Vèsè sa a, nou jwenn nan Sòm, te aprann mwen non Bondye. [Timoun nan ka li oubyen li ka resite Sòm 83:18.] Peryodik sa yo montre ki sa Jewova pral fè pou nou. Èske mwen ka kite yo pou ou ? ” Pou w fini konvèsasyon an, ou ka esplike ki jan travay mondyal predikasyon an jwenn sipò.

3 Oubyen ou ka eseye fason sa a :

◼ “ Bonjou. M ap aprann pitit fi m nan, [di non timoun nan], ki jan li ka montre li enterese nan lòt moun ki nan vwazinaj la. Li ta renmen pataje yon mesaj biblik tou kout avè w. ” Timoun nan ka di : “ Youn nan fason mwen renmen ede pwochen m se lè m pataje esperans Bib la bay konsènan lavni avèk yo. [Timoun nan ap li oswa l ap resite Revelasyon 21:4.] Peryodik sa yo montre ki sa Wayòm Bondye a pral fè pou nou. Mwen panse w ap byen kontan li yo. ”

4 Si nou toujou itilize yon prezantasyon senp, sa ap pèmèt timoun yo gen konfyans nan kapasite yo pou yo patisipe nan predikasyon. Fè kèk seyans egzèsis nan objektif pou yo aprann pale klè, pou yo aprann pale ase fò. Sa ap fè yo anmezi pou yo pran lapawòl nan divès sitiyasyon. Bon preparasyon alavans ak felisitasyon ki sensè ap ede timoun yo eksprime fwa yo.

5 Grasa ankourajman konsa, gen anpil timoun ki rive ranpli kondisyon pou yo vin pwoklamatè ki poko batize. Ala yon bagay ki bay kè kontan se lè nou wè timoun yo ap fè pwogrè nan ministè a antanke kretyen ! — Sòm 148:12, 13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje