Anseye pitit nou pou yo ka louwe Jewova
1. Èske jèn timoun kapab louwe Jewova ?
1 Sòm 148:12, 13 ankouraje jèn gason ak jèn fi pou yo “ louwe non Jewova ”. Nan Bib la, yo pale de anpil jèn timoun ki te fè sa. Pa egzanp, “ Samyèl t ap sèvi devan Jewova, antanke yon jèn tigason. ” (1 Sam. 2:18). Se “ yon tifi ” ki te di madanm Naamàn pwofèt Jewova a ki ann Izrayèl kapab geri lèp Naamàn te genyen an (2 Wa 5:1-3). Lè Jezi te antre nan tanp lan e li te fè plizyè aksyon ki pisan, se yon seri “ tigason ” ki te pran rele e ki te di : “ Delivre nou, tanpri, Pitit David ! ” (Mat. 21:15). Ki jan paran yo kapab ede pitit yo pou yo louwe Jewova ?
2. Poukisa li enpòtan pou paran yo bay pitit yo bon egzanp ?
2 Grasa egzanp nou bay : Jewova te mande tout papa ann Izrayèl pou yo renmen l e pou yo kenbe kòmandman l yo nan pwòp kè pa yo dabò, anvan pou yo te fè yo antre nan kè pitit yo (Det. 6:5-9). Si nou pale yon fason pozitif konsènan travay predikasyon an avèk yo e si nou preche chak semèn, pitit nou yo ap konsidere travay predikasyon an kòm yon bagay ki enpòtan e ki bay satisfaksyon.
3. Ki jan yon sè te tire pwofi nan egzanp paran l te bay ?
3 Men sa yon sè sonje : “ Pandan mwen t ap grandi, patisipe nan predikasyon chak semèn te fè pati pwogram fanmi nou. Mwen te ka wè paran m te vrèman renmen preche. Pandan nou t ap grandi, nou te toujou konsidere travay predikasyon an kòm yon aktivite ki bay anpil satisfaksyon. ” Sè sa a te vin pwoklamatè lè li te gen setan e kounye a li nan 33yèm ane l nan sèvis aplentan.
4. Ki sa sa vle di pou nou bay pitit nou yon fòmasyon pwogresif ?
4 Grasa yon fòmasyon pwogresif : Lè nou nan predikasyon ansanm ak pitit nou, li ta bon pou nou fè yo patisipe tou. Petèt yo kapab frape pòt la e yo kapab bay moun ki nan kay la yon feyè, oswa yo kapab li yon vèsè pou moun nan. Sa ap fè yo pran plis plezi nan travay predikasyon an e sa ap ede yo gen plis konfyans nan kapasite yo genyen pou yo pataje mesaj Wayòm nan. Ofiramezi y ap grandi, yo ta dwe ogmante patisipasyon yo nan travay predikasyon an. Pakonsekan, se pou nou ede yo pou yo ka fè pwogrè e pou yo fikse objektif espirityèl.
5. Ki kondisyon yon jèn timoun dwe ranpli pou l vin yon pwoklamatè ?
5 Kou w remake pitit ou yo kalifye pou yo vin pwoklamatè e yo di w yo ta renmen vin pwoklamatè, ou kapab pale avèk ansyen yo sou sa. Lè yo vin pwoklamatè, sa ap fè yo santi yo menm yo gen responsablite pou yo louwe Jewova. Toujou sonje yon timoun pa bezwen gen menm kantite konesans ak yon granmoun pou l kalifye. Èske pitit ou a konprann ansèyman de baz ki nan Bib la ? Èske li konfòme l ak prensip moral Bib la ? Èske li gen dezi pou l patisipe nan ministè a e pou yo idantifye l kòm Temwen Jewova ? Si repons kesyon sa yo se wi, ansyen yo kapab deside li kalifye pou l vin pwoklamatè. — Gade nan liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, p. 79-82.
6. Poukisa sa vo lapèn pou paran yo fòme pitit yo ?
6 Pou nou ede pitit nou renmen Jewova ak tout kè yo, sa mande pou nou fè efò. Sepandan, youn nan bagay ki bay paran yo plis jwa, se lè yo wè pitit yo ap fè pwogrè nan domèn espirityèl. Sa ki pi enpòtan an, sèke sa fè Jewova plezi lè timoun yo ap pale de bagay estrawòdinè li fè yo.