Fòme pitit nou pou yo vin minis Bondye
1. Ki sa Sòm 148:12, 13 mande paran yo pou yo fè?
1 Jewova envite jèn yo pou yo ba l louwanj (Sòm 148:12, 13). Sepandan, paran ki kretyen yo pa sèlman aprann pitit yo verite ki nan Bib la ak lwa moral Bondye bay yo. Men tou, yo ba yo fòmasyon pou yo vin minis bon nouvèl la. Ki jan yo ka fè sa ofiramezi?
2. Kòman bon egzanp paran yo bay ka enfliyanse pitit yo?
2 Bay bon egzanp: Men sa jij Gideyòn te di 300 mesye ki te avèk li yo: “Nou dwe gade jan m ap fè pou nou aprann.” (Jij 7:17). Tounatirèlman, timoun yo gade sa paran yo ap fè e yo imite yo. Gen yon papa ki travay nan nuit, men lè l rive lakay li nan samedi maten, olye l al dòmi, li mennen pitit li yo nan predikasyon aktout li fatige anpil. Konsa, san l pa di yon mo, li aprann pitit li yo pou bay ministè a priyorite nan lavi yo (Mat. 6:33). Èske pitit nou yo wè nou patisipe nan divès aspè ki gen nan adorasyon n ap bay Jewova a? Pa egzanp, èske yo wè nou lapriyè, nou li Labib, nou fè kòmantè nan reyinyon, nou patisipe nan predikasyon, e nou fè sa ak kè kontan? Se vre, nou pap yon egzanp ki pafè. Men, pitit nou yo ap pi santi yo pouse pou yo byen reyaji devan efò n ap fè pou nou aprann yo adore Jewova si yo wè bonjan efò nou menm nou fè pou nou sèvi Jewova. — Det. 6:6, 7; Wom. 2:21, 22.
3. Ki objektif espirityèl paran yo dwe ede pitit yo fikse ofiramezi e yo dwe ede yo atenn yo?
3 Ede yo fikse objektif ofiramezi: Paran yo pa janm bouke lè y ap aprann pitit yo mache, pale, abiye poukont yo, eksetera. Toutpandan timoun yo ap grandi e y ap franchi etap enpòtan nan lavi yo, paran yo dwe ede yo fikse lòt objektif. Si paran yo kretyen, se pou yo ede pitit yo fikse objektif espirityèl tou, selon laj yo ak kapasite yo, e yo dwe ede yo atenn objektif sa yo (1 Kor. 9:26). Èske nou aprann pitit nou pou yo fè kòmantè nan pwòp mo pa yo? Èske nou aprann yo prepare patisipasyon yo gen nan Lekòl ministè teyokratik la (Sòm 35:18)? Èske nou fòme yo pou yo patisipe nan divès aspè nan ministè a? Èske nou ede yo fikse objektif pou yo batize e pou yo antre nan sèvis aplentan? Èske nou kreye okazyon pou timoun yo frekante pwoklamatè k ap ankouraje yo, pwoklamatè ki patisipe nan ministè a avèk jwa e ki chofe pou yo fè sa? — Pwo. 13:20.
4. Lefètke timoun yo gen paran ki kòmanse fòme yo nan ministè a depi yo toupiti, kòman sa pwofitab pou yo?
4 Men sa salmis la te di: “O Bondye, w ap enstwi m depi m te jèn e jis kounye a m ap kontinye anonse bèl travay ou fè.” (Sòm 71:17). Depi timoun yo toupiti, se pou nou kòmanse fòme yo pou yo vin minis Bondye. Se sèten, fondman espirityèl nou ede yo pose a ap pwofitab pou yo lè yo vin gran. — Pwo. 22:6.