Paran — Bay pitit ou fòmasyon depi yo toupiti
1 “ Bay ti gason an fòmasyon selon chemen ki pou li a, menm lè li vin granmoun, li pap vire do ba li. ” (Pwo. 22:6). Paran, si w pa vle wè timoun ou yo “ vire do ” yo bay laverite, ki lè yon fòmasyon konsa ta dwe kòmanse ? Byen bonè nan lavi a !
2 Lè Pòl t ap di edikasyon Timote te fèt ‘ depi lè l te toupiti ’, ebyen, li te vle di sa te fèt depi l te tibebe (2 Tim. 3:14, 15). Kòm rezilta, Timote te vin tounen yon gason espirityèl (Fil. 2:19-22). Paran, ou menm tou, ou dwe derape depi timoun nan toupiti, pou w ba l fòmasyon l bezwen, pou l kapab “ grandi devan Jewova ”. — 1 Sam. 2:21.
3 Ba yo dlo yo bezwen pou yo donnen : Menm jan ti pye bwa yo bezwen bonjan dlo toutan pou yo kapab grandi, pou yo tounen pye bwa ki byen kanpe, se konsa, timoun tout laj bezwen jwenn bonjan dlo laverite ki nan Bib la, pou yo kapab vin tounen sèvitè Bondye ki granmoun. Prensipal fason pou w anseye timoun yo laverite e pou w ede yo vin genyen entimite avèk Jewova, se grasa yon etid biblik regilye nan fanmi an. Men, paran yo dwe konsidere kapasite atansyon chak timoun genyen. Pou timoun piti yo, li pi bon pou nou fè seyans fòmasyon ki kout, olye pou nou fè seyans fòmasyon ki byen long. — Det. 11:18, 19.
4 Pa janm souzestime posiblite pitit ou yo genyen pou yo aprann. Rakonte yo istwa sou pèsonaj ki anndan Bib la. Kite yo desine sèn biblik, oswa fè pyès teyat ak evènman biblik yo. Byen sèvi avèk kasèt videyo nou yo, avèk kasèt odyo nou yo, san wete dram biblik yo. Adapte etid familyal la, selon laj timoun yo, selon kapasite timoun yo genyen pou yo aprann. Premye fòmasyon n ap bay timoun yo, se yon fòmasyon elemantè nou bay ti kras pa ti kras. Men, ofiramezi y ap grandi, fòmasyon an ap etann li. Fè yon fason pou etid biblik la enteresan, pou l gen varyete ladann. Piske nou vle pou pitit nou yo ‘ anvi Pawòl la ak tout fòs ’, fè yon fason pou etid la gen bon gou, otan nou kapab. — 1 Pyè 2:2.
5 Fè yo patisipe nan aktivite kongregasyon an : Mete objektif etap pa etap devan timoun nou yo, yon fason pou yo kapab patisipe nètale nan aktivite kongregasyon an. Ki premye objektif nou ta kapab mete devan yo ? Men sa paran de timoun di : “ Yo toule de te kòmanse resevwa fòmasyon pou yo chita trankil nan Sal Wayòm nan. ” Apre timoun yo rive fè sa, ede yo pou yo fè kòmantè nan reyinyon ak pwòp mo pa yo. Ede yo gen objektif pou yo enskri nan Lekòl ministè teyokratik. Nan predikasyon, yo kapab gen bon objektif pou yo ofri yon feyè, pou yo li yon vèsè, pou yo ofri yon peryodik, e pou yo gen bonjan konvèsasyon ak moun yo rankontre.
6 Ba yo bèl egzanp : Èske chak jou timoun nou yo tande n ap pale de Jewova, yo tande n ap priye Jewova ? Èske yo wè n ap etidye Pawòl li. Èske yo wè n al asiste reyinyon, n ale nan predikasyon, epi yo wè nou pran plezi nan fè volonte Bondye (Sòm 40:8) ? Li enpòtan pou yo wè sa, e pou nou fè bagay sa yo ansanm. Men sa yon pitit fi ki granmoun kounye a, di de manman l ki leve sis pitit li yo pou yo vin Temwen ki fidèl : “ Sa ki te fè pi plis efè sou nou, se te pwòp egzanp manman nou te bay. Egzanp sa a vo plis pase anpil pawòl. ” Men sa yon paran ki gen kat pitit di : “ Nou te konn di ‘ nou bay Jewova premye plas la ’, men, se pa t yon pawòl nan bouch. Se te fason sa a menm nou te viv lavi nou. ”
7 Paran, kòmanse bay timoun nou yo fòmasyon byen bonè. Anseye yo laverite nan Pawòl Bondye. Mete objektif etap pa etap devan yo, epi ba yo pi bon egzanp nou kapab. N ap kontan nou te fè sa.