Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 jan.
“ Anpil moun sèvi ak imaj nan adorasyon yo. Èske w panse imaj sa yo gen pouvwa pou sove moun ? [Kite moun nan reponn.] Silvouplè, gade sa vrè Bondye a pral fè pou nou. [Li Revelasyon 21:3, 4.] Se sèl Bondye ki reyèl la ki ka akonpli yon bagay konsa. Peryodik sa a montre nou kiyès li ye, e ki jan nou ka tire pwofi lè nou mete tout konfyans nou nan li menm. ”
Réveillez-vous! 22 jan.
“ Se yon bagay ki nòmal pou nou gen yon kay pou n abite. Men, gen plizyè milyon refijye nan lemonn k ap vire adwat agoch, sanzespwa. Yo pa janm ka jwenn sekirite y ap chèche a. Réveillez-vous ! ap analize rezon ki fè pwoblèm sa a egziste, e li atire atansyon nou sou pwomès Bib la fè, pou yon jou, tout moun rive genyen kay pa l ki rele l chèmèt chèmètrès. ”
La Tour de Garde 1ye fev.
“ Anpil moun enkyete pou anviwònman an moun yo ap sal chak jou pi plis. Men, èske w konn reflechi sou bagay k ap sal lespri moun ? [Kite moun nan reponn.] Bib la ensiste sou enpòtans pou nou rete pwòp ni fizikman, ni espirityèlman. [Li 2 Korentyen 7:1.] Mwen sèten enfòmasyon sa a ap itil ou. ”
Réveillez-vous! 8 fev.
“ Siman w konn remake gen maryaj ki konn byen kòmanse, epi yon ti moman, ou tande sa kraze. Mwen ta renmen fè w jwenn Réveillez-vous ! sa a ki fè nou konnen konsèy Bib la bay pou yon maryaj ka dire, e pou l ka bay kè kontan. ”