Jan pou nou prezante peryodik yo
Réveillez-vous! 22 janvye
“ Sa a se non pèsonèl Bondye, se konsa l parèt nan lang ebre. [Montre po peryodik la.] Gen moun ki kwè avèk fèm konviksyon, non sa a pa dwe janm sot nan bouch moun. Gen lòt menm ki itilize l san pwoblèm. Réveillez-vous ! sa a analize polemik sa a. Li esplike tou ki jan nou ka rive konnen non Bondye. ” Li Sòm 83:18.
Toudegad 1ye fevriye
“ Paske jodi a, an jeneral moun pa kenbe pwomès yo fè, anpil moun twouve li difisil pou yo mete konfyans yo nan kèlkeswa moun nan. Èske w panse gen yon moun nou ka fè pwomès li yo konfyans ? [Kite moun nan reponn. Apre sa li Jozye 23:14.] Peryodik sa a montre ki jan nou kapab mete konfyans nou nan pwomès Bondye nou jwenn nan Bib la. ”
La Tour de Garde 1ye fevriye
“ Pifò nan nou ap chèche pran swen sante fizik nou. Sepandan, dapre etid yo fèk fè, yo remake byennèt nou depann tou de espirityalite nou. Èske w panse sa posib ? [Kite moun nan reponn. Apre sa li Matye 5:3.] La Tour de Garde sa a esplike ki jan nou kapab satisfè bezwen espirityèl nou. ”
Réveillez-vous! 8 fevriye
“ Jodi a, anpil moun ap mennen yon vi ki trè chaje e yo ta dwe pran plis repo. Petèt w ap dakò avèk pawòl sa yo yo te ekri depi plis pase 3 000 an. [Li Eklezyas 4:6. Apre sa kite moun nan reponn.] Réveillez-vous ! sa a bay enfòmasyon ki kapab ede w rekonèt lè w gen dèt somèy e ki jan w ka fè fas ak pwoblèm sa a. ”