Jan pou nou prezante peryodik yo
Toudegad 1ye fev.
“ Nan ane ki sot pase yo, moun yo vin pi enterese nan zanj. Èske w janm mande tèt ou kiyès zanj yo ye e ki wòl yo anrapò ak nou ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Sòm 34:7.] Peryodik sa a egzamine sa Bib la di sou sa zanj yo te konn fè nan tan lontan, sa y ap fè kounye a e sa yo pral fè alavni. ”
Réveillez-vous! Jan.
“ Jodi a, gen konsèy ki disponib sou prèske tout kalite sijè. Konbyen nan konsèy sa yo ou panse nou ka fè konfyans ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li 2 Timote 3:16.] Réveillez-vous ! sa a montre poukisa nou ka konte sou Bib la kòm sous sajès pratik. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 18 la.
La Tour de Garde 1ye fev.
“ Nou tout bezwen lajan pou nou viv. Men èske w pa dakò li enpòtan pou nou pwoteje tèt nou kont danje yo mansyone la a ? [Li 1 Timote 6:10, epi kite moun nan reponn.] Toudegad sa a ede nou idantifye kèk nan pyèj ki kouran pwosperite materyèl gen ladan l, e li egzamine fason nou ka evite yo. ”
Réveillez-vous! Fev.
“ Anpil nan nou ki gen fanmi oswa zanmi ki aje ap mande ki jan nou ka ede yo fè fas ak pwoblèm vyeyès. Se pa vre ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a bay kèk sijesyon sou sa nou ka fè pou nou ede moun ki vin granmoun yo pou yo viv pi byen. Peryodik sa a esplike tou ki jan pwofesi sa a pral jwenn akonplisman l. ” Li Jòb 33:25.