Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 janvye
“ Lè w konsidere kantite san ki deja koule, èske w ta di lemal fè de pwen sou lebyen ? [Kite moun nan reponn.] Gade pou w wè sa Bib la di sou Bondye. [Li Sòm 83:18b.] Piske se Bondye ki Trèwo sou tè a, èske lemal kapab pote laviktwa toutbonvre ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a reponn kesyon sa a kòmsadwa. ”
Réveillez-vous! 22 janvye
“ Jodi a, sekirite nou menase plis pase lontan. Vin gen plis moun ki enkyete konsènan sa yo rele vòlè idantite. Ou konn tande pale de bagay sa a ? [Kite moun nan reponn.] Dapre sa Bib la pwomèt, yon jou, anyen pap anpeche nou viv an sekirite sou tè a. [Li Izayi 11:9.] Peryodik sa a esplike ki jan sa pral fèt. ”
La Tour de Garde 1ye fevriye
“ Gen anpil moun jodi a ki enkyete paske yo pa ka jwenn travay, tandiske gen lòt menm se anba gwo presyon y ap travay. Èske w panse li posib pou nou travay ak kè kontan e pou nou pa pè pèdi travay nou ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Izayi 65:21-23.] Peryodik sa a pale de yon tan k ap vini kote tout moun pral jwenn satisfaksyon nan travay yo. ”
Réveillez-vous! 8 fevriye
“ N ap prezante Réveillez-vous ! sa a ki pale de timoun ki lage nan pwostitisyon, nan lavi lib. Sa tris pou n di sa, men se yon reyalite nan epòk n ap viv la. Dapre Bib la, abi yo fè timoun sa yo pral sispann talè konsa. [Li Pwovèb 2:21, 22.] Nan peryodik sa a, yo montre sa ki kache dèyè esplwatasyon timoun yo, e yo fè konnen ki jan sa pral fini. ”