Pwogram pou fanmi an — Predikasyon an fanmi
1 Jewova kontan wè jèn yo k ap louwe non li (Sòm 148:12, 13). Nan epòk Jezi te sou tè a, menm ‘ tibebe ak timoun ki nan tete te louwe ’ Bondye (Mat. 21:15, 16). Se menm bagay la k ap fèt jodi a. Paran, ki jan nou kapab ede timoun nou yo pou yo vin tounen moun k ap louwe Jewova avèk zèl nan ministè kretyen an ? Tankou nou te souliye sa nan atik ki vin anvan an, menm jan an tou, pwen enpòtan an se egzanp nou bay. Yon papa te eksprime sa pifò paran panse lè l te di : “ Timoun yo pa fè sa nou di, yo fè sa nou fè ! ”
2 Gen yon sè ki te leve nan men paran l ki gen lakrentif pou Bondye. Men sa l sonje : “ Nou pa t janm reveye nan samdi maten pou n ap mande tèt nou si nou pral nan predikasyon. Nou te konnen nou prale. ” Menm jan an tou, ou kapab fè pitit ou yo wè enpòtans travay predikasyon an lè w tabli yon pwogram regilye pou w preche an fanmi chak semèn. Non sèlman sa ap pèmèt pitit ou yo aprann lè yo gade jan w fè, men tou sa ap ede w obsève atitid yo, konpòtman yo ak talan yo k ap devlope.
3 Yon fòmasyon etap pa etap : Pou timoun yo pran plezi nan ministè a, yo bezwen prepare pou yo patisipe yon fason efikas. Sè ki te fè deklarasyon nou te rapòte nan paragraf anvan an te ajoute pwen sa a : “ Nou pa t janm moun ki te annik ap mache dèyè paran nou, etan yo t ap fè pwòp travay pa yo. Nou te konnen nou te dwe patisipe, menmsi se te annik peze yon sonèt oswa remèt yon fich envitasyon. Grasa bon preparasyon nou te konn fè alavans pou aktivite chak wikenn, nou te konnen sa nou te dwe di. ” Ou kapab fòme pitit ou yo menm jan an tou si w pran kèk minit chak semèn pou w prepare yo pou y al preche. Ou kapab fè sa pandan etid familyal la oswa pandan yon lòt moman.
4 Lè w preche an fanmi, sa ba w yon okazyon anplis pou w anseye pitit ou yo laverite. Yon papa ki kretyen te konn mennen pitit fi l avè l etan li te konn mache dis kilomèt ale dis kilomèt tounen pou l distribye feyè bay moun ki nan yon vilaj nan vale ki akote a. Men sa pitit fi l la sonje avèk tandrès : “ Se te pandan mach sa yo papa m te fè laverite a antre nan kè m. ” (Det. 6:7). Nou swete pou w jwenn benediksyon menm jan an tou dèske w mete aktivite predikasyon an nan pwogram fanmi w chak semèn.