BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/05 p. 4
  • Chèche atenn plis moun posib

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chèche atenn plis moun posib
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • “ Fè tout bagay akoz bon nouvèl la ”
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Metòd pou nou preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Jewova ap dirije travay ansèyman n ap fè sou tè a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Yon “ temwayaj pou tout nasyon ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 7/05 p. 4

Chèche atenn plis moun posib

1. Ki sa premye kretyen yo te fè pou yo atenn plis moun posib ak bon nouvèl la ?

1 Premye disip Jezi yo te fè tout efò pou yo simaye mesaj Wayòm nan. Yo te pran dispozisyon pratik pou yo rann bon nouvèl la disponib pou plis moun posib. Ekriven kretyen yo te pwodui tèks enspire pa yo a nan lang grèk kouran an, etandone se te lang entènasyonal Anpi women an. Anplis de sa, sanble predikatè zele nan dezyèm ak twazyèm syèk epòk nou an te alavangad nan kesyon sèvi ak kodèks. Li te pèmèt yon moun jwenn yon referans pi fasil pase woulo.

2, 3. a) Kòman Izayi 60:16 akonpli nan tan modèn nan ? b) Ki jan yo itilize teknoloji pou fè vrè adorasyon an avanse ?

2 Itilizasyon teknoloji : Men sa Jewova te predi pa mwayen pwofèt Izayi : “ Wi, ou va tete lèt nasyon yo. ” ​(Iza. 60:16). Nan akonplisman pwofesi sa a nan tan modèn nan, sèvitè Jewova yo itilize resous enpòtan nasyon yo genyen pou yo fè travay predikasyon an avanse. Pa egzanp, an 1914, plizyè ane anvan fim ki montre moun k ap pale te vin yon siksè komèsyal, etidyan Labib yo te kòmanse prezante “ Fotodram kreyasyon an ”. Se yon fim an koulè ki te gen son avèk kèk sekans an dyapozitiv e ki te dire uit èdtan. Grasa fim sa a, plizyè milyon moun te resevwa yon kokenn temwayaj.

3 Jodi a, pèp Bondye a itilize près gwo vitès pou enprime e yo sèvi ak sistèm enfòmatik pou pibliye Bib ak piblikasyon biblik nan plizyè santèn lang. Mwayen transpò rapid pèmèt nou transpòte piblikasyon biblik nan divès rejyon sou tè a ki lwen youn ak lòt. E grasa sa, nou atenn moun nan 235 peyi. Jewova, pa mwayen lespri li, dirije sèvitè l yo pou yo itilize teknoloji sa yo defason pratik. Sa pèmèt verite ki nan Bib la disponib pou yon kantite moun yo potko janm atenn nan listwa.

4. Ki ajisteman kèk moun fè nan lavi yo pou bon nouvèl la atenn plis moun ?

4 Ajisteman pèsonèl : Vrè adoratè yo jwenn motivasyon tou pou yo fè ajisteman pèsonèl pou bon nouvèl la atenn plis moun. Anpil te senplifye lavi yo yon fason pou yo pase plis tan nan travay predikasyon an. Gen kèk ki deplase pou y al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè pou anonse Wayòm nan. Gen lòt ki aprann yon lang etranje dekwa pou yo etann ministè yo.

5, 6. Ki sa k ka fèt pou nou atenn plis moun posib nan tèritwa nou ?

5 Nou kapab fè bon nouvèl la atenn plis moun tou si n al preche lè moun yo lakay yo e si n ale kote nou ka jwenn moun. Si nan tèritwa a, byen souvan moun yo pa lakay yo lajounen, èske w ka ajiste orè w pou w preche ta nan aprèmidi ? Èske gen lye piblik kote w ka bay yon temwayaj ? Èske w eseye bay temwayaj nan telefòn ? Èske w eseye bay temwayaj nan zòn komèsyal ? Èske w chèche posiblite pou w preche yon fason enfòmèl ?

6 Ala yon privilèj nou genyen dèske n ap patisipe nan gwo temwayaj y ap bay konsènan non Jewova ak Wayòm nan. Nou swete nou kontinye pataje verite k ap bay lavi ki nan Pawòl Bondye a ak plis moun posib. — Mat. 28:19, 20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje