BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/09 p. 2
  • “ Fè tout bagay akoz bon nouvèl la ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Fè tout bagay akoz bon nouvèl la ”
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Èske nou dispoze fè chanjman?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Èske w ka ajiste pwogram ou ?
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Chèche atenn plis moun posib
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Èske w pare pou w vin yon pechè moun?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 2/09 p. 2

“ Fè tout bagay akoz bon nouvèl la ”

1. Ki sa pwoklamatè Wayòm yo dispoze fè pou lòt moun, e poukisa ?

1 Pòl te santi se yon obligasyon pou li pou l anonse lòt moun bon nouvèl la (1 Kor. 9:16, 19, 23). Menm jan an tou, sousi nou genyen pou byennèt etènèl moun yo motive nou pou nou fè tout sa nou kapab pou nou pataje bon nouvèl la avèk yo.

2. Ki ajisteman nou ka fè nan pwogram predikasyon nou, e poukisa li ta bon pou nou dispoze fè sa ?

2 Preche nan lè n ap jwenn moun yo ak kote n ap jwenn yo : Yon bon pechè pwason pap kontante l lanse liy li ni li pap kontante lage nas li kote li fasil pou l fè sa oswa nan lè ki pap deranje lòt aktivite l, men l ap peche nan lè ak kote li konnen l ap gen plis chans pou l jwenn pwason. Antanke “ pechè moun ”, nou menm tou nou ka bezwen fè kèk ajisteman nan aktivite nou dekwa pou nou jwenn plis moun nan tèritwa a. Konsa, n ap pran plis plezi nan privilèj nou genyen an, privilèj pou nou rasanble “ tout kalite pwason ”. (Mat. 4:19 ; 13:47.) Èske nou pa ta ka pwofite preche nan aprèmidi pou nou ka kontakte moun yo lakay yo, oswa èske nou ka pwofite soti granmmaten pou nou preche nan lari ? Pòl te gen objektif pou l “ bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl la ” e pou l pwofite tout okazyon pou l fè sa. — Tra. 17:17 ; 20:20, 24.

3, 4. Lè nou nan ministè a, ki sa nou ka fè pou nou adapte prezantasyon nou yo, e ki rezilta n ap jwenn lè nou fè sa ?

3 Adapte prezantasyon w yo selon bezwen moun ou rankontre yo : Pechè pwason yo chanje fason yo peche souvan selon kalite pwason yo vle peche a. Ki sa nou ka fè pou nou prezante bon nouvèl la yon fason ki atiran pou moun nan tèritwa a ? Avèk tak, nou ka entwodui yon sijè ki enterese tout moun an jeneral e nou dwe koute moun yo avèk atansyon lè y ap eksprime pwennvi yo sou sijè a (Jak 1:19). Nou ka poze yo kesyon k ap pouse yo bay opinyon yo (Pwo. 20:5). Konsa, n ap ka adapte fason nou prezante bon nouvèl la dekwa pou l gen yon rapò dirèk ak lavi moun yo. Pòl te vin “ tout bagay pou tout moun ”. (1 Kor. 9:22.) Pou nou rive touche kè moun yo, li esansyèl pou nou adapte mesaj la selon bezwen yo.

4 Se pa ti jwa nou jwenn lè nou pataje “ bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ” an ak lòt moun (Iza. 52:7) ! Se pou nou “ fè tout bagay akoz bon nouvèl la ” yon fason pou nou rive atenn plis moun posib. — 1 Kor. 9:23.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje