BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/06 p. 8
  • Èske w ka ajiste pwogram ou ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w ka ajiste pwogram ou ?
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Èske nou ka patisipe nan predikasyon ta nan aprèmidi?
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Chèche moun ki diy yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Byen sèvi ak tan nou nan ministè a
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • “ Fè tout bagay akoz bon nouvèl la ”
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 4/06 p. 8

Èske w ka ajiste pwogram ou ?

1. Poukisa nou dwe ajiste pwogram predikasyon nou ?

1 Antanke kretyen, nou aksepte envitasyon pou nou vin “ pechè moun ”. (Mat. 4:19.) Menm jan ak pechè pwason, nou ka jwenn pi bon rezilta nan travay peche moun nan si nou pwograme nou pou nou preche nan moman nou ka jwenn moun yo lakay yo. Nan anpil peyi, pandan mwa k ap vini yo, jounen yo ap vin pi long. Nan fen aprèmidi e lè l kòmanse aswè, pifò moun lakay yo. Byen souvan, lespri moun yo konn pi dispoze, e li pi fasil pou yo resevwa vizitè. Èske w ka ajiste pwogram ou pou w preche nan moman sa yo ? — 1 Kor. 9:23.

2. Site kèk fason nou ka atenn plis moun ak bon nouvèl la.

2 Predikasyon leswa : Lè nou pwograme nou pou nou preche nan fen aprèmidi oswa lè l kòmanse aswè, sa ka fè nou preche plis moun bon nouvèl la (Pwo. 21:5). Jèn yo ap kapab preche lè yo sot lekòl. Gen lòt moun k ap ka fè sa lè yo sot travay. Gen kèk gwoup etid liv ki ka fè aranjman pou yo preche pandan inèdtan anvan etid la.

3. Ki divès fason ou ka preche nan fen aprèmidi oswa lè l kòmanse aswè nan tèritwa pa w ?

3 Lè nou preche kay an kay nan fen aprèmidi e lè l kòmanse aswè, sa ka fè nou rive pale ak moun nou pa t ap jwenn lakay yo nan lè nòmal. Gen anpil tèritwa, pwoklamatè yo ka bay temwayaj nan lari oswa lòt fason ankò nan aswè. E gen anpil moun ki twouve fen aprèmidi ak leswa se meyè moman pou yo fè vizit e pou yo kòmanse etid biblik.

4. Lè n ap preche nan fen aprèmidi oswa nan aswè, poukisa nou bezwen montre nou gen disènman ak konsiderasyon ?

4 Disènman enpòtan : Nou bezwen gen bon jijman lè n ap preche nan fen aprèmidi oswa nan aswè. Jeneralman, li pi bon pou nou preche lè l kòmanse aswè, olye nou pase vizite moun yo lè yo kòmanse ap prepare yo pou y al kouche (Fil. 4:5). Lè w frape nan yon pòt, kanpe yon kote moun yo ka wè w, e di kiyès ou ye. San pèdi tan, fè moun nan konnen rezon ki fè w pase vizite l. Si w rive nan yon moman ki pa apwopriye, tankou nan yon moman tout fanmi an ap manje, pwopoze yo pou w pase yon lòt lè. Ou dwe toujou demontre konsiderasyon pou moun yo. — Mat. 7:12.

5. Ki jan nou ka evite yon seri danje lè n ap preche ?

5 Nou pa dwe janm bliye danje ki ka genyen tou. Si w ap preche lè l prèske fènwa oswa lè li fin aswè, li saj pou w mache ansanm ak patnè w oswa an gwoup. Rete nan ri ki gen limyè, kote w pa izole. Preche sèlman kote ou santi w an sekirite. Evite zòn ki pa bon leswa. — Pwo. 22:3.

6. Ki lòt byenfè nou ka jwenn lè nou preche nan fen aprèmidi oubyen lè l kòmanse aswè ?

6 Lè nou preche nan fen aprèmidi oubyen lè l kòmanse aswè, sa ka ban nou okazyon tou pou nou travay ansanm ak pyonye oksilyè ak pyonye pèmanan yo (Wom. 1:12). Èske w ka ajiste pwogram ou pou w patisipe nan fasèt sa a nan sèvis la ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje