Èske nou ka patisipe nan predikasyon ta nan aprèmidi?
1. Selon sa yon biblis di, ki lè apot Pòl te konn patisipe nan predikasyon kay an kay?
1 Selon sa yon biblis di nan yon liv ki rele Lavi moun t ap mennen chak jou nan tan biblik yo (anglè), byen souvan apot Pòl te konn patisipe nan predikasyon kay an kay “depi 4 è nan aprèmidi rive ta nan aswè”. Nou pa konnen si se orè sa a li te genyen, men nou konnen Pòl te dispoze “fè tout bagay pou bon nouvèl la”. (1 Kor. 9:19-23.) Sa vle di, li te òganize travay li yon fason pou l ka patisipe nan predikasyon kay an kay lè li konnen li t ap jwenn plis moun pou l pale.
2. Poukisa ta nan aprèmidi se yon bon moman pou nou patisipe nan predikasyon?
2 Nan anpil zòn, pwoklamatè yo abitye patisipe nan predikasyon kay an kay nan maten pandan semèn nan. Sepandan, nan zòn pa nou, èske se maten ki toujou pi bon moman pou n al nan predikasyon? Men sa yon pyonye di sou tèritwa pa l la: “Li difisil pou moun yo lakay yo lajounen. Tandiske, pifò moun lakay yo ta nan aprèmidi.” Lè nou patisipe nan predikasyon ta nan aprèmidi, se pi bon moman pou nou pataje bon nouvèl la ak mesye yo sitou paske n ap gen plis chans pou n jwenn yo lakay yo. Moun nou rankontre yo pi rilaks nan moman sa a e yo pi dispoze pale ak moun. Ansyen yo dwe òganize reyinyon predikasyon ta nan aprèmidi si sa ap bay bon rezilta nan zòn yo a.
3. Kòman nou ka montre nou gen bonsans lè n ap patisipe nan predikasyon ta nan aprèmidi?
3 Montre nou gen bonsans: Lè n ap patisipe nan predikasyon ta nan aprèmidi, li enpòtan pou nou gen bonsans. Pa egzanp, si nou remake moman an pa apwopriye, tankou moun yo ap manje, l ap pi bon pou nou di yo n ap tounen pi ta. Si l fè nwa, se pou nou kanpe yon kote moun yo ka wè nou, epi san pèdi tan, di yo kiyès nou ye. Di yo pou ki rezon nou pase lakay yo. Anplis de sa, li bon pou gen de pwoklamatè ansanm e rès gwoup la pa dwe twò lwen. Si gen limyè nan lari, nou dwe rete kote ki byen klere, kote nou pa izole. Pa al lakay moun yo twò ta pou nou pa deranje yo lè y ap prepare yo pou y al dòmi (2 Kor. 6:3). Si yon katye pa gen sekirite lè l fè nwa, preche nan zòn sa a bonè nan aprèmidi. — Pwo. 22:3.
4. Ki benediksyon n ap jwenn lè nou patisipe nan predikasyon ta nan aprèmidi?
4 N ap jwenn benediksyon: N ap gen plis jwa nan predikasyon lè nou jwenn moun pou nou preche. Plis nou patisipe nan predikasyon se plis n ap gen posiblite pou nou ede lòt moun ‘gen konesans egzak sou laverite e pou yo sove’. (1 Tim. 2:3, 4.) Èske nou ka fè yon ti chanjman nan pwogram nou pou nou ka patisipe nan predikasyon ta nan aprèmidi?