BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/05 p. 1
  • Pwoklame glwa Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwoklame glwa Jewova
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • “Onore Jewova pou glwa non l merite.” — Sòm 96:⁠8.
    “Onore Jewova pou glwa non l merite.” — Sòm 96:8.
  • Bay Jewova glwa
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Fè konnen non Bondye
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Se pou nou tout pwoklame glwa Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 11/05 p. 1

Pwoklame glwa Jewova

1 Men sa Salmis la te di : “ Chante pou Jewova, tout moun sou tè a. [...] Pwoklame glwa li nan mitan nasyon yo, nan mitan tout pèp yo, travay estrawòdinè li yo. ” Lè nou medite sou sa Jewova fè deja, sou sa l ap fè kounye a, e sou sa li pral fè pou nou, kè nou pouse nou pou nou pwoklame glwa li ! — Sòm 96:1, 3.

2 Nan ministè nou : Temwen Jewova yo gen privilèj pou yo pote non Bondye e pou yo fè louwanj pou li an piblik sou tout tè a (Mal. 1:11). Ala yon kokenn diferans parapò ak klèje lakretyente a ki retire non Bondye avèk awogans nan tradiksyon Labib yo fè ! Travay fè konnen non Bondye a, se yon travay ki ijan, piske moun yo dwe envoke non sa a ak lafwa pou yo ka sove nan mitan gwo tribilasyon k ap vini an (Wom. 10:13-15). Anplis de sa, se sèlman pa rapò ak sangtifikasyon non Bondye lapè pral blayi nan tout linivè a, e lapè pral blayi pami moun k ap viv sou tè a tou. Annefè, tout travay Bondye yo gen yon relasyon etwat ak non l.

3 “ Jewova gran e nou dwe louwe li anpil. ” Men pou moun “ bay Jewova glwa ki pou non l ” lan, yo dwe konnen laverite sou li (Sòm 96:4, 8). Sepandan, gen moun ki nye egzistans Bondye (Sòm 14:1). Gen lòt ki di, pou yo ka denigre l, li pa gen pouvwa pou l fè anyen oubyen yo deklare li pa enterese nan zafè lèzòm. Lè nou ede moun ki gen kè onèt yo gen yon konesans egzak sou Kreyatè nou an, sou pwogram li, ak pèsonalite atiran li genyen an, nou bay Jewova glwa.

4 Pa mwayen konduit nou : Lè nou viv ann amoni avèk prensip Jewova yo ki jis, nou onore l. Bèl konduit nou pa pase inapèsi (1 Pyè 2:12). Pa egzanp, lè aparans nou pwòp e li byen aranje, sa kapab pouse lòt moun konplimante nou, e sa kapab ban nou opòtinite pou nou ekspoze byenfè nou jwenn lefètke n ap viv selon prensip ki nan Pawòl Bondye a (1 Tim. 2:9, 10). Ala kontan nou kontan lè lòt moun ‘ wè bèl aksyon nou epi yo bay Papa nou ki nan syèl la glwa ’ ! — Mat. 5:16.

5 Pa mwayen pawòl nou e pa mwayen aksyon nou, annou glorifye Bondye mayifik nou an chak jou. Konsa, nou reponn bèl envitasyon sa a : “ Chante pou Jewova, beni non li. De jou an jou, di bon nouvèl delivrans li an. ” — Sòm 96:2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje